Bonjan Netwayaj Apre Pasaj Siklòn Gendwa Redwi Mwazi ak Bese Risk pou Lasante yo

Release Date Release Number
NR 008
Release Date:
October 3, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Abitan Zile Vyèj yo gendwa kontre ak mwazi ki danjere pandan y ap netwaye kay yo apre pasaj siklòn Irma ak Maria. Sivivan yo gendwa retire mwazi kòmsadwa epi pwoteje tèt y oak fanmi yo si yo pran kèk prekosyon fondamantal. 

Ou ta dwe sipoze ou gen mwazi si kay ou te inonde pandan youn oswa toulede tanpèt yo epi si ou pa t kapab seche li nètale nan 48èdtan apre sa te rive, selon Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak lòt ofisyèl ki responsab entèvansyon pou dezas. Ou dwe fè menm machaswiv sa a pou mèb ansanm ak lòt atik kay ki te gendwa rete nan dlo inondasyon an oswa nan gwo lapli. Dlo ki dòmi ansanm ak materyo ki mouye se kote mwazi plis renmen devlope ak repwodui.

Nan sitiyasyon sa yo, ou ta dwe seche tout bagay nèt, netwaye mwazi an epi asire w pwoblèm mwazi an elimine vreman.

Moun ki gen pwoblèm pou respire, tankou opresyon, oubyen ki gen sistèm iminitè ki fèb ta dwe rete lwen kote ki gen mwazi. Timoun pa ta dwe patisipe nan travo netwayaj apre yon dezas.

Règ fondamantal la se: si ou kapab wè oswa pran sant mwazi, fè etap pou elimine mwazi ki twòp lan. Fè netwayaj grasa konsèy sila yo:

  1. Mete ekipman pwoteksyon pèsonèl: yon respiratè N-95 pou pi piti, bòt, linèt ak gan kawoutchou.
  2. Retire dlo ki kanpe ak bagay ki mouye. Sèvi ak yon aspiratè likid pou retire dlo ki atè, nan tapi ak  sifas ki di. Seche kay ou ansanm ak tout bagay ki ladann rapid, jan ou kapab.
  3. Ouvri tout pòt ak fenèt yo lè w ap travay epi kite louvri tout pami yo ou kapab kite louvri san danje, avan w ale.
    • Ouvri pòt entèn, espesyalman klòzèt ak chanm ki andedan kay la ki pa gen fenèt, pou kite lè a antre tout kote. Retire pòt yo nan ankadreman yo, si ou bezwen.
    • Ouvri pòt ti amwa kwizin lan ak pòt ti amwa nan saldeben yo; retire tiwa, swiye yo fè yo vin pwòp epi mete yo youn sou lòt yon fason pou yo seche.
    • Ouvri ouvèti vantilasyon grenye (attic) a pou kite lè a sikile rive nan grenye a. Anvan pou ou ouvri pòt grenye a, pran prekosyon ou asire w pa gen anyen ki pral tonbe sou ou.
  4. Lè pa gen okenn danje pou sèvi ak elektrisite ankò, sèvi ak vantilatè ak aparèy pou retire imidite pou ka elimine mwazi an. Pa sèvi ak vantilatè si mwazi an deja kòmanse devlope, paske vantilatè yo gendwa simaye mwazi an tout kote.
  5. Netwaye ak dlo epi yon detèjan. Retire tout mwazi ou pa kapab wè. Seche touswit.
  6. Si w ap sèvi ak pwodui netwayan, pa melanje pwodui netwayan ansanm. PA melanje kloròks ak amonyak paske sa gendwa kreye vapè toksik.  Si w ap sèvi ak klowòks, pa mete plis pase 1 kèp kloròks piu kay pou chak galon dlo.
  7. Menmsi ou penn oswa ou kòlmate anlè mwazi an, sa p ap anpeche mwazi devlope. Ranje pwoblèm dlo a nèt epi netwaye tout mwazi an anvan pou ou kòmanse penn oswa kolmate.
  8. Retire tout atik ki pa kapab netwaye oswa seche. Jete tout bagay dlo inondasyon an te mouye epi ki pa kapab netwaye ak seche nan 24 a 48èdtan. Si ou gen atik ki gen anpil valè ou vle sove, swiv direktiv Smithsonian Institute yo: www.si.edu/mci/english/learn_more/taking_care/mnm.html.

Asire w ou fin netwaye tout mwazi an anvan ou tounen nan kay la.  Si ou bezwen plis enfòmasyon konsènan mwazi ak netwayaj, al gade tiliv FEMA ki ka enprime an ki rele Fason pou Anpeche Mwazi apre yon Inondasyon (How to Prevent Mold after a Flood) nan www.fema.gov/library/prepandprev.shtm ak Tiliv Pwopriyetè Kay ak Lokatè pou Netwaye Mwazi Apre Dezas (Homeowner’s and Renter’s Guide to Mold Cleanup After Disasters) nan: http://wcms-wp.cdc.gov/mold/pdfs/Homeowners_and_Renters_Guide.pdf.

Wèbsayt CDC an gen ladann enfòmasyon konsènan risk ki genyen nan prezans mwazi ansanm ak prevansyon mwazi, netwayaj ak oryantasyon sou fason pou remèt tout bagay nan yon bon eta: https://www.cdc.gov/mold/cleanup.htm.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou