Dat Limit Aplikasyon Operasyon Twa Ble (Operation Blue Roof) Ap Pwoche nan Zile Vyèj Ameriken yo

Release Date Release Number
NR 020
Release Date:
October 17, 2017
ST. CROIX, Zile Vyèj – Prèske pa rete tan ankò pou sivivan siklòn Zile Vyèj yo pou yo enskri nan Operasyon Twa Ble pou yo ka jwenn reparasyon tanporè twa lakay yo. Vandredi 3 novanm se dènye jou pou rezidan ki nan tout Zile Vyèj Ameriken yo aplike. Se Kòporasyon Enjenyè Lame Ameriken (U.S. Army Corps of Engineers, USACE) ki òganize Operasyon Twa Ble an kolaborasyon ak Ajans Federal Jesyon Dezas (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak gouvènman Zile Vyèj Etazini yo pou bay pwopriyetè kay ki te sibi domaj nan men siklòn Irma ak Maria bach plastik ble pou kouvri twa ki domaje yo jiskaske yo kapab fè reparasyon pèmanan. Nou vle di sivivan yo pou yo veye byen pou yo pa pran nan magouy. Operasyon Twa Ble se yon sèvis ki gratis. Si yo mande pou sivivan yo peye, sa vle di yo pa ann afè ak Operasyon Twa Ble USACE lan. Pwopriyetè kay yo dwe siyen yon fòm Dwa Antre (Right of Entry, ROE) ki bay estaf USACE an monte sou pwopriyete a pou evalye domaj twa a sibi epi pou enstale bach plastik la. Anjeneral, sa pran uit (8) jou anvan yon reprezantan USACE vin vizite kay la apre ROE an fin siyen, epi yo pral fè enstalasyon an anviwon de (2) semèn apre sa. Sivivan yo gendwa ede USACE lokalize rezidans yo: pou fè sa, yo ka plase adrès ki vizib oswa nimewo pasèl la sou pwopriyete yo. Pou aplike pou ivivan Operasyon Twa Ble an, sivivan yo ta dwe deplase pou vini nan yon Sant ROE pou siyen fòm epi pou verifye si yo kalifye. Nan St. Croix, sivivan yo gendwa vizite yon reprezantan USACE nan:
  1. The Disaster Recovery Center ki nan Old Post Office Building nan kwen Church ak Company Streets, Christiansted, ant 9è AM ak 5è PM, toulejou.
  2. The Depatment of Public Works, 6500 Estate Anna's Hope, Christiansted, ant 12è PM (midi) ak 4è PM, lendi pou vandredi.
    3. The Disaster Recovery Center nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange,         Frederiksted, ant 9è AM ak 5è PM, toulejou.    4. The Mobile Command Vehicle nan Sunshine Mall Kmart West, Remainder Matriculate, Frederiksted,         ant 11è AM ak 4è PM, toulejou. Nan St. Thomas, sivivan yo gendwa ale nan:
  1. The Department of Public Works, 103 Subbase Road, Charlotte Amalie West, ant 9è AM ak 1è PM, lendi pou vandredi.
  2. The Department of Health, 1303 Hospital Grounds Road, ant 9è AM pou 1è PM, lendi pou vandredi.
  3. The Tutu Fire Station, Route 38, Anna's Retreat, ant 9è AM pou 1è PM, lendo pou vandredi.
  4. The Government Employee Retirement System Building, USACE Roofing Resident Office, 1st Floor, 3438 Kronprindsens Gade, Charlotte Amalie, ant 9è AM pou 1è PM, lendi pou vandredi.

Nan St. John, sivivan yo gendwa ale nan:

  1.  The Legislature Annex, 1D Cruz Bay, ant 9è AM ak 1è p.m., lendi pou vandredi.

Yo mande pou sivivan yo pote yon foto idantifikasyon, yon bòdwo taks pwopriyete imobilye, si posib, yon foto twa ki domaje an pou idantifye pwopriyete a.

Operasyon Twa Ble ta dwe pwoteje pwopriyete a pandan omwens 30 jou epi pèmèt rezidan yo rete oswa retounen lakay yo pandan y ap retabli apre pasaj tanpèt yo. Pwogram la se pou rezidans prensipal li yo oswa pou pwopriyete lokasyon yo kapab repare avèk playwoud, bach plastik epi nan sèten ka, avèk yon ti kantite ranplasman oswa reparasyon pout anbwa yo. Se pa tout kalite twa ki kalifye pou pwogram lan. Si ou konnen yon sivivan ki bezwen yon twa tanporè men ki pa kapab ale nan yon Sant ROE, kite ofisyèl sant lan konnen adrès li pou yo ka eseye kontakte l. Pou kapab jwenn yon adrès nan zòn ou, rele 888-ROOF-BLU (766-3258).###Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl). Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2. Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.
Tags:
Dènye mizajou