Chanjman nan Orè Biwo Sant Redrèsman Apre Dezas (Disaster Recovery Centers) yo nan Zile Vyèj Ameriken

Release Date Release Number
NR 022
Release Date:
October 19, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj — Orè sant yo pral chanje nan tout kat (4) Sant Redrèman apre Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) yo ki nan Zile Vyèj Ameriken koumanse vandredi. Nouvo orè a se pral 8 AM pou 5 PM toulejou, jiskaske yo fè yon lòt anons pou chanje lè yo.

Nan St. Croix, adrès sant redrèsman yo se:

  • Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange, Frederiksted, ak nan
  • Old Post Office Building nan kwen Church ak Company, Christiansted.

Nan St. Thomas, adrès sant redrèsman yo se:

  • New Hotel Company Omar Brown Fire Station, Conference Room #108, 100A Ross Taarenberg, Charlotte Amalie, epi
  • Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux, Estate Bordeaux.

Espesyalis redrèsman ak rekonstriksyon yo ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak Administrasyon TiBiznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA) disponib nan tout kat (4) sant redrèsman yo pou bay enfòmasyon sou tip èd ki disponib yo, asistans pou ranpli aplikasyon yo epi pou reponn kesyon ou vle poze yo. Sant lan ofri sipò fas-a-fas bay pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè tibiznis sou labaz deklarasyon ofisyèl gwo dezas apre pasaj siklòn yo.

FEMA pral anonse byento li pral louvri sant redrèsman ak rekonstriksyon St. John, ansanm ak plis sant toujou St. Croix ak St. Thomas.

Sivivan yo ki gen aksènan Entènèt gndwa enskri opre FEMA pou jwenn asistans nan DisasterAssistance.gov, oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap ki anpeche yo pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

Tags:
Dènye mizajou