FEMA Travay pou Asire Tout Sivivan Dezas yo Jwenn Aksè Egalego nan Asistans

Release Date Release Number
NR-043
Release Date:
November 8, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Pou garanti tout Abitan Zile Vyèj yo gn menm aksè nan pwogram asistans yo, Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap kowòdone avèk ajans federal, teritoryal ak lokal yo ansanm ak òganizasyon volontè yo pou idantifye bezwen sivivan yo epi konekte yo ak resous yo.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, deklare: “Dezas yo afekte negativman tout moun nan kominote a, men abitan senyò yo ak moun ki gen andikap oswa ki gen bezwen espesyal aksè ak fonksyonèl souvan gen bezwen anplis. Nou angaje nou opre tout Abitan Zile Vyèj yo pou nou asire sivivan dezas yo jwenn resous yo bezwen pou patisipe nèt ale nan pwosesis redrèsman an.”

Ekip Entegrasyon Andikap (Disability Integration) FEMA an prezan nan Zile Vyèj yo depi apre pasaj Siklòn Irma pou ede kowòdone kokennchenn aktivite yo pou ede tout sivivan yo. Manm ekip la ap kolabore avèk espesyalis Asistans Endividyèl (Individual Assistance) FEMA yo, Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini (U.S. Department of Health and Human Services), Depatman Sèvis Sante Zile Vyèj (Virgin Islands Department of Health Services) yo, Kwa-Wouj Amerikèn (American Red Cross) lan, pwogram sèvis pou moun aje ak sèvis sosyal teritwa a ansanm ak lòt patnè pou pote machandiz ak sèvis bay sivivan ki pi vilnerab sou zile yo. Pami sa gen sèvis medikal ak ekipman medikal dirab, famasi ki kapab satisfè bezwen yo nan medikaman, atik rezèv pou soulaje bezwen yo ajans volontè yo bay, ansanm ak anpil lòt sèvis toujou.

Epitou, yo ale kay sivivan yo pou tcheke si yo byen epi pou kontwole si yo pa bezwen anyen.

Roxann Crawford, ki jere ekip Entegrasyon Andikap (Disability Integration) FEMA an nan Zile Vyèj yo deklare: “Pi gwo priyorite nou se pou nou asire pa gen pèsòn yo kite dèyè pandan n ap bay tout sivivan dezas yo asistans. Espesyalis nou yo nan tout kominote yo chak jou, pou fè koneksyon avèk sivivan yo ki te ka sibi pi gwo enpak dezas yo.” 

An kolaborasyon avèk ajans teritoryal yo ak òganizasyon volontè yo, yo òganize aktivite Entegrasyon Andikap (Disability Integration) avèk sant pou senyò, entèprèt Langaj Siy Ameriken (American Sign Language, ASL), sant pou dwa andikape ak sant pou lavi otonòm ak pwogram edikasyon espesyal yo. Yo patisipe nan reyinyon angwoup sa yo pou pataje rekòmandasyon osijè sante ak sekirite apre dezas, mizajou kominotè enpòtan tankou anons pou mande tout moun bouyi dlo ansanm ak adrès k ap bay atik pou mete anrezèv, manje ann ijans, premye swen ak swen medikal. Espesyalis yo gendwa asiste sivivan yo pou ede yo enskri opre FEMA pou resevwa asistans.

Epitou, Entegrasyon Andikap te travay ak etaf Zafè Ekstèn FEMA pou devlope videyo ki nan Langaj Siy Ameriken (American Sign Language, ASL) pou yo ka poste li sou paj Facebook FEMA a nan www.Facebook.com/FEMAUSVirginIslands. Epi ekip la asire li Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers) ki sou tout teritwa a byen òganize pou resevwa sivivan yo. Sant redrèsman aprè dezas yo tout gen yon aksè fizik ki fasil, epi yo ekipe ak telefòn ki gen son ki anplifye epi ki gen sous tit, aparèy pou moun ki di pou tande, loup agrandisan ak entèpretasyon nan videyo relè sou iPad.

Ekip la kapab òganize entèprèt ASL tou pou reyinyon ak pou sivivan ki mande asistans sa a pandan enspeksyon lojman yo. Sivivan yo gendwa mande pou yo ba yo yon entèprèt ASL nan moman yo fè randevou lojman an oswa yo gendwa rele Nimewo Asistans FEMA an nan 800-621-3362.  Sivivan dezas yo ki soud, ki di pou tande oswa ki gen yon andiap langaj epi ki itilize yon aparèy TTY gendwa rele nan 800-462-7585. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo gendwa rele nan 800-621-3362.

Crawford te vle di tou ke: “Nou ankouraje tout sivivan siklòn yo rele Nimewo Asistans FEMA an pou fè nou konnen si gen yon bagay estaf Entegrasyon Andikap nou an kapab fè pou ede. FEMA se sèlman yon pati nan kokennchenn aktivite redrèsman k ap fèt Zile Vyèj. Si nou pa gen asistans ou bezwen, nou kapab mete w an kontak ak patnè ou yo ki gendwa ede w.”

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

Tags:
Dènye mizajou