FEMA Bay Konsèy sou Fason pou Rekonstwi Kay ki pi Solid nan Crucian Coconut Festival lan

Release Date Release Number
NR 57
Release Date:
December 1, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Sivivan Zile Vyèj yo k ap betwaye ak rekonstwi aprè pasaj siklòn Irma ak Maria yo kapab resevwa konsèy gratis nan yon festival lokal y ap òganize St. Croix dimanch 3 desanm sa a, pou aprann kijan pou fè kay yo reziste pibyen kont dezas pi devan.

Espesyalis Rediksyon Risk yo ki soti nan jans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pral gen yon tab ki rezève pou yo nan Crucian Coconut Festival soti 11è a.m. rive 6è p.m. nan Bethlehem Sugar Factory, ki anfas Gad Nasyonal Lame a, nan Estate Bethlehem, nan St. Croix.

Espesyalis FEMA yo pral disponib pou bay konsèy ak teknik ak dokiman gratis sou fason pou netwaye mous ak mwazi nan kay ki te inonde ansanm ak fason pou konstwi kay ki rezistan kont menas yo. Pifò konsèy ak feyè y ap distribye nan estasyon enfòmasyon yo ap sible pwopriyetè kay k ap fè reparasyon yomenm ansanm ak bòs (antreprenè yo anboche pou fè reparasyon) yo. Sèten nan enfòmasyon yo gen ladann teknik pou pwoteje kay yo kont gwo van; pou fè sa, yo dwe tache twa ak revètman yo. Epi gen enfòmasyon tou sou fason pou itilize konektè ekipman espesyal ak fiksasyon pou fè estrikti yo pi solid ak pi sekirize.

Ofisye Kowòdinasyon Federal, William Vogel, deklare: “Nou ankouraje sivivan siklòn yo pou yo tcheke opre espesyalis nou yo. Sivivan yo ki benefisye konsiltasyon yo gendwa jwenn bon lide pou pwojè yo.”

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

 

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

Dènye mizajou