ST. CROIX, Zile Vyèj – Ajans Fedeal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap kontinye anboche Abitan Zile Vyèj yo ki St. Croix ak St. Thomas pou yo travay sou aktivite redrèsman ekonomik aprè pasaj siklòn Irma ak Maria.
Gen pozisyon ki louvr pou planifikatè kominotè, espesyalis pwoteksyon sit istorik, espesyalis anviwònman, yon espesyalis asirans kont inondasyon, yon asistan administratif ak yon enjenyè.
Enfòmasyon konsènan pozisyon ki afiche yo liste sou wèbsayt Depatman Travay Zile Vyèj la.
Al gade nan http://www.vidol.gov/
- Klike sou “Find a job” (Jwenn yon djòb)
- Nan Keywords (Mo kle) – make “FEMA”
- Klike “Search” (Chèche)
Aplikan yo kapab voye rezime (CV) yo pa imèl nan FEMA-DR4340USVI-LocalHires@fema.dhs.gov oswa yo kapab aplike sou wèbsayt VIDOL la.
###
Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).
Misyon FEMA se pou sipòte moun anvan, pandan ak aprè dezas yo.
Apre gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.
Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.