FEMA AP ANBOCHE POU DJÒB AKTIVITE REDRÈSMAN EKONOMIK NAN ZILE VYÈJ AMERIKEN [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/fema-hiring-usvi-recovery-jobs] Release Date: Mas 21, 2018 ST. CROIX, ZILE VYÈJ – Ajans Fedeal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap kontinye anboche Abitan Zile Vyèj yo ki St. Croix ak St. Thomas pou yo travay sou aktivite redrèsman ekonomik aprè pasaj siklòn Irma ak Maria. Gen pozisyon ki louvr pou planifikatè kominotè, espesyalis pwoteksyon sit istorik, espesyalis anviwònman, yon espesyalis asirans kont inondasyon, yon asistan administratif ak yon enjenyè. Enfòmasyon konsènan pozisyon ki afiche yo liste sou wèbsayt Depatman Travay Zile Vyèj la. Al gade nan http://www.vidol.gov/ * Klike sou “Find a job” (Jwenn yon djòb) * Nan Keywords (Mo kle) – make “FEMA” * Klike “Search” (Chèche) Aplikan yo kapab voye rezime (CV) yo pa imèl nan FEMA-DR4340USVI-LocalHires@fema.dhs.gov oswa yo kapab aplike sou wèbsayt VIDOL la.   ### _Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. __Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl)._ _Misyon FEMA se pou sipòte moun anvan, pandan ak apr__è__ dezas yo__. _ _Apre gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redr__è__sman alont__è__m. Asistans sa a se pr__è__ lajan ki gen enter__è__ ki ba epi li disponib pou tout biznis k__è__lkeswa gwos__è__ yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou f__è __pwofi ansanm ak pou pwopriyet__è__ kay ak lokat__è__ ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la._ _Swiv __nou sou__ twitter nan_ _twitter.com/femaregion2_ [https://twitter.com/femaregion2]_ ak __www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands_ [http://www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands]_._ _Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan __www.nvoad.org_ [http://www.nvoad.org/]_.  _ _Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don LAJAN KACH bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan __www.__USVIrecovery.org_ [http://www.usvirecovery.org/]_. _