Finansiman Federal pou Zile Vyèj Ameriken yo Depase $1 Milya Dola

Release Date Release Number
107
Release Date:
March 20, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak patnè li yo te bay plis pase $1 milya dola bay fanmi ki rete nan menm kay, biznis, ajans teritoryal ak moun ki gen kontra asirans kont inondasyon pou ede yo refè aprè pasaj Irma ak Maria.

Koumanse 19 mas, finansman an gen ladann:

  • $74.8 milyon dola Asistan Endividyèl pou moun apa ak pou fanmi ki rete nan menm kay, ikonpri asistans ak lwaye, depans pou reparasyon ansanm ak lòt depans ki kalifye toujou ki gen pou wè ak dezas asirans lan pa garanti.
  • $447.9 milyon dola finansman Asistans Piblik pou ranbouse ajans teritoryal pou ranmasaj fatra, retablisman kouran, mezi pwoteksyon ijan ansanm ak lòt depans ki kalifye yo.
  • $477 milyon dola nan prè pou dezas ki soti nan men Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration) bay pwopriyetè kay, lokatè ak biznis yo.
  • $9.7 milyon dola nan peman reklamasyon Pwogram Asirans Nasyonal pou Inondasyon (National Flood Insurance Program) bay moun ki gen kontra asirans yo.

 

Ofisye Kowòdinasyon Federal, William Vogel, deklare: « Ansanm ak patnè nou yo, nou pral kontinye sipòte sivivan yo ak teritwa a, pandan y ap refè aprè tanpèt yo. Nou pral kontinye travay pou sa, kèlkeswa kantite tan sa pral pran. »

 

Anplis desa, FEMA te apwouve $2.5 milyon dola pou terapi nan sitiyasyon kriz, $2.7 milyon dola pou aistans chomaj akòz yon dezas, $761,108 pou asistans ak medikaman preskripsyon ijan epi $11.5 milyon dola pou jesyon dosye pou ede sivivan yo jere pwosesis pou yo kapab retabli.

 

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte moun anvan, pandan ak aprè dezas yo.

Apre gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou