FINANSIMAN FEDERAL POU ZILE VYÈJ AMERIKEN YO DEPASE $1 MILYA DOLA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/federal-funding-us-virgin-islands-tops-1-billion] Release Date: March 20, 2018 ST. CROIX, ZILE VYÈJ – Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak patnè li yo te bay plis pase $1 milya dola bay fanmi ki rete nan menm kay, biznis, ajans teritoryal ak moun ki gen kontra asirans kont inondasyon pou ede yo refè aprè pasaj Irma ak Maria. Koumanse 19 mas, finansman an gen ladann: * $74.8 milyon dola Asistan Endividyèl pou moun apa ak pou fanmi ki rete nan menm kay, ikonpri asistans ak lwaye, depans pou reparasyon ansanm ak lòt depans ki kalifye toujou ki gen pou wè ak dezas asirans lan pa garanti. * $447.9 milyon dola finansman Asistans Piblik pou ranbouse ajans teritoryal pou ranmasaj fatra, retablisman kouran, mezi pwoteksyon ijan ansanm ak lòt depans ki kalifye yo. * $477 milyon dola nan prè pou dezas ki soti nan men Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration) bay pwopriyetè kay, lokatè ak biznis yo. * $9.7 milyon dola nan peman reklamasyon Pwogram Asirans Nasyonal pou Inondasyon (National Flood Insurance Program) bay moun ki gen kontra asirans yo.   Ofisye Kowòdinasyon Federal, William Vogel, deklare: « Ansanm ak patnè nou yo, nou pral kontinye sipòte sivivan yo ak teritwa a, pandan y ap refè aprè tanpèt yo. Nou pral kontinye travay pou sa, kèlkeswa kantite tan sa pral pran. »   Anplis desa, FEMA te apwouve $2.5 milyon dola pou terapi nan sitiyasyon kriz, $2.7 milyon dola pou aistans chomaj akòz yon dezas, $761,108 pou asistans ak medikaman preskripsyon ijan epi $11.5 milyon dola pou jesyon dosye pou ede sivivan yo jere pwosesis pou yo kapab retabli.   ### _Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl)._ _Misyon FEMA se pou sipòte moun anvan, pandan ak apr__è__ dezas yo__. _ _Apre gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redr__è__sman alont__è__m. Asistans sa a se pr__è__ lajan ki gen enter__è__ ki ba epi li disponib pou tout biznis k__è__lkeswa gwos__è__ yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou f__è __pwofi ansanm ak pou pwopriyet__è__ kay ak lokat__è__ ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la._ _Swiv __nou sou__ twitter nan_ _twitter.com/femaregion2_ [https://twitter.com/femaregion2]_ ak __www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands_ [http://www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands]_._ _Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan __www.nvoad.org_ [http://www.nvoad.org/]_.  _ _Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don LAJAN KACH bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan __www.__USVIrecovery.org_ [http://www.usvirecovery.org/]_.  _