Operasyon Ranmasaj Debri Ap Pwogrese grasa yon Koudmen $10 Milyon Dola ki Soti nan FEMA

Release Date Release Number
NR 013
Release Date:
October 8, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj — Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap bay plis pase $10 milyon dola nan finansman akselere pou sipòte aktivite administrasyon Zile Vyèj yo ak patnè ederal yo pou netwaye epi ranmase gwo kantite debri ki rete apre pasaj siklòn Irma ak Maria.

Ofisye Kowòdonatè Federal FEMA (Federal Coordinating Officer), William Vogel, deklare: “Lè nou netwaye debri apre pasaj siklòn yo ki sou wout ak nan katye nan Zile Vyèj yo, non sèlman sa ede elimine yon risk ak yon danje pou sante moun yo, mentou se yon siy ki vizib bagay yo ap retabli pou tout rezidan yo. Fon lajan akselere sa a, epi pral gen plis k ap vini toujou, ap bay kominote zile yo yon gwo boust nan aktivite redrèsman yo.”

Poutèt yo te deklare yon sitiyasyon gwo dezas pou Zile Vyèj Etazini yo, FEMA ap finanse 100 pousan nan depans ranmasaj debri yo pandan 180 jou apatide dat deklarasyon yo – jiska 4 mas 2018, pou Siklòn Irma, epi jiska 15 mas 2018 pou Siklòn Maria.

FEMA ap bay finansman siplemantè bay Ajans Jesyon Dechè Zile Vyèj (Virgin Islands Waste Management Authority, VIWMA) yo pou ede yo peye pou depans pou retire debri kay ki elijib yo depoze sou arebò wout piblik yo, men rezidan yo ta dwe swiv direktiv VIWMA yo.

Pandan aktivite ranmasaj debri ap kontye nan katye rezidansyèl yo, VIWMA mande pou rezidan yo deplase debri ki gen pou wè ak siklòn yo toupre limit pwopriyete yo, jan sa posib, san pou yo pa bloke sikilasyon machin epi pou kite veyikil ijans ak ekip reparasyon yo pase san pwoblèm. Si ou vle pou yo vin ranmase debri ki gen pou wè ak siklòn, se pou ou triye debri yo anpremye epi pa gen dwa gen fatra kay ak dechè manje ladann.

Se pou ou divize debri yo nan kat (4) kategori:

  1. Blan yo: aparèy elektwonik tankou fou, refrijeratè ak mikwo-onn.
  2. Aparèy elektwonik: tankou radio, konpitè ak televizyon.
  3. Vejetasyon: tankou pyebwa, branch, zèb ak plant.
  4. Mòso twa oswa matryo konstriksyon: metal galvanize, bwa, plat, elatriye.

     

###

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou