Rekonstri fason ki pi sekirize epi ki pi solid

Release Date Release Number
FEMA-4337-DR FS 033
Release Date:
Fevriye 1, 2018

Rekonstri oswa repare kay ou aprè siklòn Irma ka parèt kòm yon travay kolosal. Sepandan, lè w itilize teknik ki entèlijan lè w ap rekonstri oswa repare kay ou sa ka ede w minimize domaj kont inondasyon ak van epi sa ka ba w lapè lespri konsènan sekirite kay ou oswa biznis ou.

Kèk egzanp teknik konstriksyon ki “adapte ak inondasyon”:

  • Elve epi sekirize chofaj dlo, founo ak lòt aparèy menaje (tankou machin alave ak sechwa) sou bwa ki trete avèk presyon oswa sou masònri konsa yo chita omwen 12 pous pi wo pase nivo atè a.
  • Enstale diskonektè idwolik epi tyeke valv nan plonbri a pou asire dlo ize ak egou koule sot deyò kay ou a. Sifon sòl la ak tib vètikal ka anpeche inondasyon oswa dlo ize kolekte lakay ou.
  • Enstale yon ponp puiza ki gen yon batri oswa sistèm bakòp ki alimante ak dlo.
  • Enstale tout bwat ankastre elektrik, disjonktè, entèriptè miral ak priz kouran omwen yon pye pi wo pase nivo inondasyon debaz pou zòn kote w abite a.
  • Ankre tout rezèvwa kabiran ki gen reliyi metal non-kowozif pou anpeche van pote yo ale.
  • Fèmen tout fant nan plafon an oswa nan fondasyon an avèk yon mastik ki etanch. Dlo inondasyon ka pase nan nenpòt ti fant epi rapidman fè ti fant sa yo tounen kokennchenn twou.
  • Enstale griyaj metalik pou pwoteje goutyè w yo pou anpeche debri bloke yo epi kreye pòch dlo ki chita sou twati w la.

Gwo van ka vini avèk lòt danje natirèl tankou siklòn ak gwo kout loraj. Sa reprezante yon menas pou lavi, pwopriyete ak sèvis piblik ki vital epi tipikman sa lakoz pi gwo domaj pou estrikti ki pa solid, sitou kay ki fabrike.

Modifikasyon oswa renovasyon sa yo ki fèt sou kay rezidansyèl ki te deja egziste ka redui domaj van ka fè:

  • Enstale kouwa pwoteksyon pou siklòn avèk asye galvanize. Yo ka atache yo sou treyi ak plak miral yo.
  • Enstale volè pou siklòn.
  • Modènize piyon yo pou anpeche mi yo echwe lè gen gwo van.
  • Ranfòse kad estriktirèl yo avèk konektè chaj yo.
  • Enstale yon chanm sekirize.
  • Ranfòse pòt garaj yo.
  • Enspekte epi modènize twati yo pou rive nan estanda ki adekwa pou reziste kont van.
  • Sekirize tout bagay ki deyò ki ta ka vin tounen yon pwojektil si ta gen gwo van.

Asire w ou gen tout pèmi ki nesesè epi suiv kòd konstriksyon lokal yo lè w ap rekonstri oswa lè w ap fè reparasyon. Kontakte ofisyèl kòd lokal ou yo anvan w kòmanse nenpòt pwojè konstriksyon pou asire ou satisfè tout kondisyon pou jesyon plèn inondasyon.

Pou plis enfòmasyon konsènan rekonstriksyon oswa reparasyon aprè yon katastwòf, vizite Kèk ide sou rediksyon risk: Yon resous pou redui risk lè gen katastwòf natirèl
 

###

Tags:
Dènye Mizajou