Yon lòt pati nan retablisman pou siklòn Irma: Asistans Piblik FEMA

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 149
Release Date:
January 10, 2018

ORLANDO, Fla. — Anpil endividi ak fanmi nan Florid ap fè pwogrè nan retablisman yo akoz siklòn  Irma avèk èd nan men FEMA, eta a, ak lòt antite a bi non likratif; endividi yo rete yon priyorite. Men te gen anpil bilding, wout ak pon piblik te domaje oswa detwi tou.

Gouvènman eta ak lokal yo te depanse plizyè milyon dola sou lè siplemantè pou sekouris yo ak lòt travayè yo epi yo te depanse plizyè lòt milyon ankò nan retire debri nan lari ak pwopriyete piblik yo. Kiyès ki peye pou depans sa yo?

Pwogram asistans piblik la, pi gwo pwogram sibvansyon FEMA a, bay an mwayèn $4,7 milya dola nasyonalman nan asistans chak ane epi sa reprezante apeprè mwatye nan dola sibvansyon ajans lan administre.

Aprè yon katastwòf deklare, pwogram nan peye pou retire debri tanpèt la pwodui, depans pou fè preparasyon epi pou pote sekou aprè katastwòf la, epi pou repare oswa ranplase enfrastrikti piblik ki elijib, ikonpri wout ak pon; bilding ak ekipman piblik; sèvis piblik tankou sistèm dlo ak pak ak lòt etablisman rekreyasyonèl.

FEMA apwouve sibvansyon yo epi li bay asistans teknik bay leta ak moun ki aplike pou asistans yo. Eta a ede edike moun ki aplike yo konsènan pwogram nan ak pwosesis aplikasyon an, epi li distribye epi jere lajan sibvansyon yo.

Anplis de sa, asistans piblik (PA) ankouraje pwoteksyon etablisman ak enfrastrikti ki domaje yo kont katastwòf ki ka rive alavni lè l bay lajan pou yo pran kèk mezi pou redui danje pandan pwosesis retablisman an ki ka fè bilding oswa estrikti yo pi rezistan.

Moun ki fè aplikasyon pou èd lokal ak eta a responsab pou idantifye domaj tanpèt la ak lòt depans ki elijib, pou yo bay dokimantasyon epi pou yo jere pwojè yo resevwa lajan pou yo.

Kiyès ki elijib pou asistans piblik?

Antite  dirijan eta ak lokal yo, tankou vil ak konte yo, tribi endyen ki federalman rekoni yo, ak kèk òganizasyon prive a bi non likratif (Private Non-profit, PNP) ka aplike pou sibvansyon PA. PNP yo ki posede oswa opere etablisman ki bay yon sèvis piblik krisyal oswa esansyèl kote se gouvènman an ki ta ka bay sèvis sa yo ka kalifye. Bibliyotèk yo, sant gadri pou timoun ak lekòl ansèyman siperyè ansanm ak kèk sant pou moun aje nan kominote a ta va klase nan kategori òganizasyon prive a bi non likratif ki elijib paske yo chak bay yon sèvis gouvènman an bay tou.

Ki fason moun ki aplike yo jwenn lajan an? 

Aprè yo fin soumèt yon demann pou asistans piblik atravè eta a epi FEMA apwouve l, ajans lan travay avèk moun ki aplike a dirèkteman, kit yo se ajans gouvènman leta, konte oswa lokal, oswa òganizasyon prive a bi non likratif ki elijib. Yon jeran livrezon pwogram FEMA a bay sèvis kliyan dirèk pou chak moun ki aplike epi li sèvi kòm pwen kontak la yonfwa yo fin dakò sou domaj ki elijib yo. Yo ede moun ki aplike yo ranmase enfòmasyon, pran foto domaj ki gen rapò ak katastwòf la, epi bay jistifikasyon pou elijiblite, depans ak valè travay ki gen pou fèt.

Selon vizit sou sit la ak dokimantasyon yo bay, FEMA detèmine ki kalite travay ki elijib pou ranbousman federal daprè lalwa, epi li ede devlope estimasyon depans pou repare domaj la oswa pou ranplase yon etablisman. Genyen yon rejis sou entènèt ak yon pwosesis revizyon ki fasilite pwosesis sa nan yon Sant Resous Konsolide FEMA (FEMA Consolidated Resource Center, CRC) ki nan Virginia.

Moun ki aplike yo ak pèsonèl FEMA ka telechaje dokimantasyon sou sistèm sou entènèt la epi espesyalis CRC yo ap egzamine yo epi yo ka kominike avèk pati yo sou sistèm sou entènèt la, yo ka bay opinyon yo epi yo ka mande nenpòt lòt enfòmasyon ki nesesè. Avèk sistèm sou entènèt sa a, moun ki aplike yo gen aksè nan tout dokimantasyon ki nesesè pou konplete pwojè a.

Aprè CRC a fin egzamine dokimantasyon ki nesesè yo epi li apwouve pwojè a, ansuit li afekte lajan ki nesesè a epi li transfere lajan sibvansyon an bay eta a.  Eta a responsab pou l debouse lajan an bay moun ki aplike yo.

Pou asire plis responsablite, FEMA mande pou moun ki aplike yo peye yon pòsyon nan depans yo. Pòsyon federal pou asistans nan retablisman pou siklòn Irma nan Florid pa mwens pase 75 pousan nan depans ki elijib pou yon pwojè. Eta a detèmine kondisyon pou pòsyon depans siplemantè.

Pwojè retablisman akoz siklòn Irma afekte lavi kotidyen rezidan Florid yo — moun ki kondui sou wout li yo, moun ki travèse pon l yo, epi moun ki itilize bilding li yo — ansanm ak vizitè yo nan eta a ki fè menm bagay yo. Pwogram asistans piblik FEMA a pral pote anpil benefis pou nenpòt moun ki konsidere Florid kòm lakay yo.

Pou aprann plis konsènan pwogram asistans piblik  FEMA a, vizite https://www.fema.gov/public-assistance-local-state-tribal-and-non-profit. Pou plis enfòmasyon sou siklòn Irma ak retablisman nan Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, kont Twitter @FEMARegion4, oswa sitwèb Florida Division of Emergency Management.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye mizajou