Sibvansyon FEMA P ap Afekte Sekirite Sosyal oswa Lòt Avantaj yo

Release Date Release Number
NR 015
Release Date:
October 19, 2020

PENSACOLA, Fla. — Aplike pou asistans katastwòf federal nan FEMA p ap afekte lòt avantaj federal sivivan katastwòf Florida ka resevwa.

Rezidan nan konte Bay, Escambia, Okaloosa, Santa Rosa ak Walton ki enskri nan FEMA ka gen kesyon sou finansman ka gen kesyon sou si lajan FEMA ka lakoz yo pèdi lòt peman federal ke yo dwe resevwa.

Sibvansyon katastwòf FEMA yo pa revni ki taksab. Aksepte yon sibvansyon FEMA p ap afekte kalifikasyon pou avantaj Sekirite Sosyal, Medicare, Medicaid, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP) ak lòt pwogram byennèt ak dwa federal.

Sibvansyon katastwòf ede sivivan yo peye pou lojman tanporè, reparasyon esansyèl kay, ranplasman pwopriyete pèsonèl esansyèl, ak lòt bezwen pou katastwòf ki grav ke asirans oswa lòt resous yo pa garanti.

Sivivan yo ka aplike pou asistans katastwòf nan fason ki annapre yo :

    • Vizite  DisasterAssistance.gov .
    • Telechaje App FEMA a.
    • Rele 800-621-3362 (800-462-7585 TTY). Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou. Nimewo pou apèl gratis yo disponib apati 7 a.m. jiska 10 p.m., lè lokal, sèt jou nan semèn nan. Moun ki itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel dwe bay FEMA nimewo telefòn espesifik yo deziyen pou sèvis sa a.

Delè pou enskri nan FEMA se 1ye Desanm 2020.

Videyo Aksesib: https://www.youtube.com/watch?v=ii7nc94B30c

Pou jwenn plis enfòmasyon sou repriz apre Siklòn Sally nan Florida, ale sou paj wèb FEMA a pou katastwòf la nan https://www.fema.gov/disaster/4564 oswa sou paj wèb Divizyon Jesyon Ijans nan Florida a (Florida Division of Emergency Management) nan https://www.floridadisaster.org/info/.

Tags:
Dènye mizajou