Kijan FEMA defini resòtisan ki pa ameriken ak etranje kalifye?

Asistans Fineray COVID-19 se yon kalite asistans ke yo bay daprè Pwogram Endividyèl ak Kay [Individuals and Households Program (IHP)] ki disponib pou sitwayen Ameriken yo, resòtisan ki pa ameriken, oswa etranje kalifye. Pwogram Asistans Endividyèl ak Kay FEMA ak Gid Règleman [FEMA Individual Assistance Program and Policy Guide] bay definisyon ki annaprè yo:

  • Sitwayen Ameriken:  Yon moun ki fèt nan youn nan 50 Eta yo, Distri Columbia, Puerto Rico, Guam, Zile Vyèj, oswa Zile Nò Mariana; yon moun ki fèt deyò Etazini epi ki gen omwen youn nan paran yo se sitwayen Ameriken; oswa yon sitwayen natiralize.
  • Yon resòtisan ki pa Ameriken:  Yon moun ki fèt nan yon posesyon elwaye Etazini (egzanp., American Samoa oswa Zile Swain) nan oswa apre dat Etazini te akeri posesyon an, oswa yon moun ke paran li yo se resòtisan yon sitwayen ki pa ameriken.  Tout sitwayen ameriken yo se resòtisan nasyonal Ameriken, men se pa resòtisan nasyonal Ameriken ki se sitwayen Ameriken.
  • Etranje Kalifye:  Rezidan pèmananLegal ("detantè kat vè "); yon azile, refijye, oswa yon etranje ke yo kenbe depòtasyon l; yon etranje ki gen libète pwovizwa nan Etazini pou omwen yon lane; etranje yo akòde antre kondisyonèl (daprè lalwa anvigè anvan 1ye Avril 1980); Kiben/Ayisyen ki antre; etranje ki Etazini ki te sibi abi, batri oswa mechanste ekstrèm nan men yon konjwen oswa lòt fanmi/manm kay la, oswa ki te yon viktim  nan yon fòm trafik imen grav; etranje ki gen timoun yo te abize ak pitit etranje ke paran yo te sibi abi ki reponn nan sèten kritè.

Gen diferan kategori etranje ki prezan legalman nan Etazini ki pa elijib pou asistans anba Pwogram FEMA pou Moun ak Kay,  enkli Asistans Fineray COVID-19. Sa yo gen ladann, men li pa limite nan:

  • Sitwayen Eta Federe nan Micronesia, Palau, ak Repiblik Zile Marshall
  • Detantè viza touris tanporè
  • Etidyan etranje
  • Detantè viza travay tanporè
Dènye mizajou