Gwoup Rekiperasyon Alontèm yo Ede Moun Reponn a Bezwen yo

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 034
Release Date:
February 25, 2019

Rezidan Bann Kotyè Florida ki te genyen domaj ak pèt ki pa t asire nan Siklòn Michael yo, e ki toujou genyen bezwen ki pa kouvri nan asistans leta oubyen asistans federal , kapab jwenn èd nan gwoup rekiperason alontèm.

 

Gwoup rekiperasyon alontèm yo konpoze an jeneral ak ajans relijye, ajans ki pa travay pou pwofi, ajans kominotè, ajans sektè prive ak ajans benevòl. Objektif yo se pou yo ede fanmi ki afekte yo jwenn resous pou rekiperasyon yo.

 

Gwoup rekiperasyon yo kapab konekte sivivan yo avèk òganizasyon ki ofri yon gran varyete asistans, tankou manje, rad ak sibvansyon pou ede peye pou depo garanti ak fakti sèvis piblik ki an reta. Yo kapab dirije sivivan yo tou bay gwoup ki pral fè tach yo, tankou debleye epi vide kay ki domaje nan katastwòf yo oubyen retire debri ak souch pye bwa nan lakou yo.

 

Gwoup sila yo deja sou pye oubyen pral sou pye: Bay County Long Term Recovery Group; Citizens of Gulf County Recovery Team; Liberty Strong Long Term Recovery Group; North Florida Inland Long Term Recovery Group; ak Washington County Long Term Organization. Anplis, ap genyen de (2) lòt gwoup rekiperasyon alontèm ki pral rantre an sèvis nan konte Gadsen ak Franklin.

 

Ajans Lyezon Benevòl FEMA yo pral disponib pou bay gwoup rekiperasyon alontèm yo konsèy etan yap fòme nan kominote yo pou ede yo rekonstwi epi vin pi solid.

 

Genyen plis enfòmasyon ki disponib sou gwoup rekiperasyon alontèm yo sou entènèt nan Òganizasyon Benevòl Florida ki Aktif pandan Katastwòf (Florida Voluntary Organizations Active in Disaster) nan https://flvoad.communityos.org/cms/ oubyen Òganizasyon Benevòl Nasyonal ki Aktif pandan Katastwòf (National Voluntary Organizations Active in Disaster) nan https://www.nvoad.org/.

###

Tags:
Dènye mizajou