Sant FEMA/Leta pou rekiperasyon akoz katastwòf ouvri nan konte Hillsborough pou sivivan Florid yo

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 016
Release Date:
September 21, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – Yon sant pou rekiperasyon akoz katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) pral ouvri jedi 21 septanm nan konte Hillsborough pou ede sivivan siklòn yo nan Florid. DRC a pral ouvri apati  9 a.m. jiska 6 p.m. sèt jou pa semèn jiskaske yo fè konnen otreman.

W ap jwenn DRC a nan adrès ki vin aprè a:

Kote:                           Hillsborough Community College -- The Regent
                                   
6437 Watson Road
                                    Riverview, FL  33578

 Lè nòmal:                 9 a.m. a 6 p.m. sèt jou pa semèn

Ofiramezi plis sant ouvri, sivivan yo ka chèche youn ki pre yo lè yo ale sou https://www.fema.gov/disaster-recovery-centers oswa lè yo rele liy asistans FEMA nan 800-621-3362. Enfòmasyon sa a disponib tou nan FEMA Mobile App.    

Pwosesis anrejistreman an se premye etap nan rekiperasyon an epi sa mande pou bay enfòmasyon tankou polis asirans, ak enfòmasyon labank ou pou potansyèl transfè dirèk lajan. Nou ankouraje sivivan yo pou yo anrejistre anvan yo vizite yon DRC. Pou anrejistre, ale sou entènèt la nan www.DisasterAssistance.gov oswa rele liy asistans FEMA nan 800-621-3362.  Èd disponib nan pifò lang epi liy telefòn yo ouvri apati 7 a.m. jiska 11 p.m. lè avanse zòn lès (Eastern Daylight Time , EDT) sèt jou pa semèn jiskaske yo fè konnen otreman.  

Si w genyen yon telefòn epi/oswa aksè sou entènèt, ou ka anrejistre nan youn nan fason ki vin aprè yo:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Rele liy asistans FEMA nan 800-621-3362 pou vwa, 711 ak Video Relay Service (VRS). Si w soud, ou gen difikilte pou tande, oswa ou gen difikilte pou pale epi w itilize yon TTY, rele 800-462-7585.
  • Telechaje FEMA Mobile App epi aplike.

Sivivan ki nesesite yon akomodasyon rezonab, tankou entèpretasyon nan lang siy ameriken (ASL), bray, gwo karaktè, eksetera, pandan y ap vizite yon DRC yo ka rele nimewo liy asistans pou sipò nan 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis la ouvri apati 7 a.m. jiska 11 p.m., sèt jou pa semèn. Gen èd ki disponib nan pifò lang, epi enfòmasyon sou pwosesis anrejistreman an disponib nan ASL nan: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.

Ekip asistans pou sivivan akoz katastwòf (Disaster Survivor Assistance, DSA) yo ap mache kay an kay nan zòn ki afekte yo epi yo kapab anrejistre sivivan yo pou asistans nan FEMA, si sa nesesè.  Lè rezidan yo bezwen plis asistans, ekip yo ka rekòmande yo pou yo ale nan yon DRC.

Si w deja anrejistre, li pa nesesè pou al vizite yon DRC.

Ou pa bezwen repeye sibvansyon ou jwenn nan men FEMA. Ou pap peye taks sou asistans ou resevwa nan men FEMA epi sa pa pral afekte elijiblite w pou resevwa benefis Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt benefis federal.

Sivivan yo ta dwe anrejistre menm si yo gen asirans. FEMA paka peye w pou depans asirans ou genyen an deja ap fè, men kandida ki pa gen ase asirans ka resevwa èd aprè asirans yo an fin regle reklamasyon yo a.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon nan Florid, vizite fema.gov/hurricane-irma.

###

Asistans pou rekiperasyon akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak estokaj.

Tags:
Dènye mizajou