Moun ki nan Lwaye ki an Risk pou Eviksyon nan Kawolin Dinò (North Carolina) kapab Kalifye pou Asistans Federal

Release Date Release Number
DR-4393-NC NR 025
Release Date:
October 4, 2018

RALEIGH, N.C. – Moun ki nan Lwaye nan Kawolin Dinò ki an risk pou eviksyon nan konplèks apatman yo ki andomaje akoz siklòn nan—menmsi apatman pa yo a te andomaje oubyen li pa t andomaje—yo kapab kalifye pou asistans  FEMA.

 

   Genyen plizyè fason ou kapab aplike pou asistans apre katastwòf:

  • Ale sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Itilize FEMA mobile app la.
  • Rele FEMA nan 800-621-3362 (vokal, 711 oubyen VRS) oubyen 800-462-7585 (TTY) nenpòt lè apatide 7 a.m. jiska 11 p.m. lè lokal sèt jou sou sèt. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib pou ou.
  • Vizite yon Sant pou Rekiperasyon. Sant yo sèvi antanke grenn pwen referans kote sivivan ki bezwen asistans ka jwenn li an prive. Sivivan yo kapab vizite nenpòt sant pou yo jwenn asistans. Pou w jwenn yon sant, ale nan fema.gov/DRC.

 

Moun ki nan Lwaye ki te deja anrejistre pou asistans federal epi ki te sibi eviksyon akoz domaj nan lòt pati nan konplèks yo a dwe pote avi eviksyon an nan yon sant pou rekiperasyon.

 

Moun ki nan Lwaye ki vin sinistre e ki bezwen yon kote sekirize pou yo rete pandan y ap chèche lojman alontèm, kapab kalifye pou sejou nan lotèl pou yon ti tan ke FEMA ap peye selon pwogram Asistans pou Lojman Tranzisyon li a.

 

   Moun ki nan lwaye yo kapab kalifye pou sibvansyon nan FEMA ki pou ede yo avèk depans ki gen rapò ak katastwòf yo, tankou:

  • Lwe yon kay lè premye kay lokatè a se yon danje kifè yo pa ka viv ladan akoz katastwòf la oubyen konplèks apatman yo a an reparasyon.
  • Depans medikal ak dantè ki gen rapò ak katastwòf la.
  • Asistans pou gadri pou timoun.
  • Depans pou demenajman ak antrepo.
  • Raplasman oswa reparasyon pwopriyete pèsonèl ki pèdi oswa andomaje nan katastwòf la, tankou elektwomenaje ak mèb, liv ak òdinatè pou elèv, epi ekipman travay oswa zouti kontraktè endepandan itilize.
  • Reparasyon oswa ranplasman otomobil ki andomaje nan katastwòf la.
  • Depans pou fineray ak antèman ki gen rapò ak katastwòf la.

Sibvansyon yo se pa prè yo ye epi ou pa gen pou w repeye yo. Se pa revni ki taksab epi li pa p afekte elijiblite w pou avantaj Sekirite Sosyal, Medicaid, asistans byennèt sosyal, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP) ak plizyè lòt pwogram.

Deklarasyon federal sou katastwòf pou Siklòn Florence nonmen 28 konte ki pou jwenn Asistans Endividyèl: Beaufort, Bladen, Brunswick, Carteret, Columbus, Craven, Cumberland, Duplin, Greene, Harnett, Hoke, Hyde, Johnston, Jones, Lee, Lenoir, Moore, New Hanover, Onslow, Pamlico, Pender, Pitt, Richmond, Robeson, Sampson, Scotland, Wayne ak Wilson.

 

FEMA vle fè ansòt ke chak sivivan katastwòf genyen aksè egal a enfòmasyon ak asistans pou katastwòf la. Lokatè ki soud oubyen ki gen difikilte pou tande kapab gade yon videyo sou asistans ki disponib. Al gade li nan youtube.com/watch?v=yAHSPK_K7tg.

 

###

 

   Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon nan Kawolin Dinò apre pasaj Siklòn Florence al vizite NCDPS.gov/NCEM ak FEMA.gov/Disaster/4393. Suiv nou sou Twitter: @NCEmergency ak @FEMARegion4.

 

FEMA ab bay tout asistans apre katastwòf san okenn diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, sèks, (ki gen ladan asèlman seksyèl), relijyon, limitasyon nan pale Anglè, kondisyon ekonomik, oubyen reprezay. Si ou panse yo pa respekte dwa sivil ou yo, rele 800-621-3362 oubyen 800-462-7585(TTY/TDD).

Asistans tanporè FEMA bay pou lojman ak sibvansyon pou depans sèvis transpò, depans medikal ak dantè, epi depans pou fineray ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Sepandan, aplikan ki resevwa yon aplikasyon pou prè SBA yo dwe remèt yo bay yon ajan kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti pwopriyete pèsonèl, reparasyon oubyen ranplasman otomobil, ak depans pou demenajman ak antrepo.

 

Tags:
Dènye mizajou