Floridyen yo gen 30 Jou ki rete pou yo enskri pou Asistans Dezas FEMA

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 049
Release Date:
October 10, 2017

ORLANDO, Fla. – Mèt kay ansanm avèk lokatè yo ki te sibi domaj nan kad siklòn Irma gen jiska 9 Novanm pou yo enskri avèk Ajans Jesyon Ijans Federal (FEMA) pou yo jwenn posib asistans federal pou dezas.

Delè enskripsyon 30-jou a ap apwoche rapidman pou sivivan yo aplike pou asistans dezas nan  FEMA ak Administrasyon Ti Biznis nan Etazini (SBA). Sivivan Siklòn Irma yo gen 60 jou apati 10 Septanm dat deklarasyon dezas la pou aplike pou Asistans Endividyèl.

Nenpòt moun ki te sibi yon pèt nan nenpòt 48 konte Florid ki deziyen pou asistans endividyèl ta dwe enskri anvan delè a menmsi yo gen asirans.

Asistans dezas Federal ka ede aplikan ki kalifye yo avèk lojman tanporè, pèt pwopriyete pèsonèl ki pa gen asirans ki gen rapò avèk dezas la, depans medikal, dantè ak antèman, ansanm avèk lòt depans ki gen rapò avèk dezas la ak bezwen enpòtan.

Sivivan yo dwe enskri avèk FEMA pou yo ka konsidere yo pou asirans dezas federal menmsi yo te kontakte eta, ajans jesyon ijans lokal yo, Kwawouj Ameriken oswa lòt òganizasyon charite yo.

Fason ki pi rapid pou aplike pou asistans federal se sou entènèt nan www.disasterassistance.gov oswa nan yon smartphone oswa tablet nan www.fema.gov/apply-assistance.

Sivivan yo ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362 pou vwa, 711 ak Sèvis Relè Videyo (VRS). Si ou soud oswa ou gen difikilte pou tande, oswa ou gen pwoblèm pou pale e ou itilize yon TTY, rele 800-462-7585. Enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan Lang Siy Ameriken nan:

fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.

A kote asirans, prè dezas a fèb enterè SBA se prensipal sous lajan sivivan pou rekonstriksyon alontèm pwopriyete dezas la te domaje a.

Prè dezas a fèb enterè nan SBA disponib tou pou ede avèk pèt rezidansyèl ak biznis asirans lan pa kouvri. Biznis tout gwosè, mèt kay ak lokatè ka jwenn enfòmasyon sou aplikasyon prè dezas SBA lè ou rele 800-659-2955 oswa sou entènèt nan www.SBA.gov. Pou moun sila yo ki gen difikilte pou tande, oswa ki gen.
 

pwoblèm lapawòl e ki itilize yon TTY, rele 800-877-8339. Yo ka aplike tou pou prè dezas nan www.disasterloan.sba.gov/ela/.

Jwenn plis enfòmasyon lè ou vizite www.FEMA.gov/IrmaFL ak FEMA’s Facebook page, epi lè w swiv

@FEMARegion4 on Twitter.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

 

Tags:
Dènye mizajou