Evalyasyon Domaj Grav Apre Siklòn Michael

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 029
Release Date:
February 7, 2019

FEMA pa fè okenn detèminasyon konsènan domaj grav epi li pa avize okenn pwopriyetè konsènan detèminasyon sou domaj. Yo ka mande pou FEMA bay yon jiridiksyon lokal asistans pou yo evalye kantite domaj sèten estrikti sibi akoz yon katastwòf. Done yo soumèt bay jiridiksyon local la, ki li menm ka fè detèminasyon konsènan domaj grav yo baze sou pwòp òdonans pa yo. Yo kosidere yon estrikti rezidansyèl genyen domaj grav lè pri depans pou repare kay la egal ak oubyen depase 50 pousan pri kay la sou mache a anvan katastwòf la.

 

Kisa "Domaj Grav" Vle Di ?

 

Sivivan nan kominote Florida ka te tande tèm "domaj grav" la nan bouch otorite batiman lokal yo resaman. Donk kisa sa vle di ? Domaj grav aplike a yon batiman ki nan yon Zòn ak Risk Inondasyon Espeysal (SFHA) oubyen plèn inondasyon kote depans total reparasyon yo 50 pousan oswa piplis pase pri batiman an sou mache a anvan katastwòf la rive, kèlkeswa kòz domaj la.

 

  • Se gouvènman lokal la ki pran desizyon konsènan si yon batiman gen domaj grav, e anjeneral se yon otorite depatman konstriksyon oubyen manadjè plèn inondasyon ki pran li.
  • Jesyon kominotè plèn inondasyon oubyen otorite konstriksyon yo ka enspekte pwopriyete w la si yo sispèk kay ou oswa biznis ou gen domaj grav.
  • Endividi, kominote, biznis ak ajans gouvènman yo tout genyen enterè nan fason bilding andomaje nan yon katastwòf yo rekonstwi epi repare.  Rekonstriksyon apre yon katastwòf bay yon chans pou bilding yo vin pi solid e pi sekirize. Objectif prensipal la se diminye risk pèt akoz lòt katastwòf alavni.
  • Si otorite yo detèmine yon batiman rezidansyèl genyen domaj grav – ki vle di depans pou repare kay la egal ak oswa pi wo pase 50 pousan pri li sou mache a anvan domaj nan katastwòf la – lè sa a pwopriyetè a genyen twa opsyon anjeneral pou l mete li an konfòmite.
    • Elve bilding nan a yon wotè otorite lokal yo etabli. 
    • Relokazile batiman an andeyò plèn inondasyon an.
    • Detwi batiman an.
  • Lè yo genyen enfòmasyon sa a, sa ede pwopriyetè yo deside si yo vle repare oubyen ranplase lojman yo, epi si y ap bezwen fè travay adisyonèl pou yo an konfòmite ak kòd epi òdonans lokal yo.
  • Pou kominote ki patisipe nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (NFIP) a, se òdonans jesyon plèn inondasyon lokal ki pou fè detèminasyon domaj grav yo. Règleman sa yo dwe anplas pou rezidan yon kominote ka achte asirans inondasyon atravè NFIP a. 
  • Si yo detèmine yon bilding nan yon plèn inondasyon gen domaj grav, yo dwe mete li an konfòmite dapre règleman jesyon plèn inondasyon lokal yo.
  • FEMA pa fè okenn detèminasyon konsènan domaj grav epi li pa avize okenn pwopriyetè konsènan detèminasyon sou domaj. Ekip evalyasyon domaj FEMA yo ka gen pou yo reponn a demann lokal pou evalye kantite domaj ki fèt akoz katastwòf pou sèten batiman. Yo bay jiridiksyon lokal yo enfòmasyon an, ki yo menm ka fè detèminasyon domaj grav sou baz pwòp òdonans yo.
  • Ekspè mitigasyon FEMA yo rete e ap kontinye rete an kontak pwòch ak otorite lokal yo.
  • Pwopriyetè ki genyen yon polis asirans inondasyon FEMA epi ki gen yon bilding ak domaj grav
    Nan yon Zòn ak Risk Inondasyon Espesyal ka genyen chans itilize finansman adisyonèl nan polis yo a (jiska $30,000) pou ede peye depans pou elve, relokalize oubyen demoli yon batiman. Pou plis enfòmasyon sou pwovizyon sa a – ki rele Ogmantasyon pou Depans Konfòmite – rantre an kontak avèk ajan asirans ou.
  • Nan sèten ka, detèminasyon konsènan domaj grav kapab mennen a yon pwosesis acha pwopriyete, kote
    yon kominote kapab chwazi pou l achte epi demoli pwopriyete. Sa ka konplike epi li ka pran tan, men se yon metòd efikas pou evite  piplis depans epi depans pi souvan akoz katastwòf alavni, sitou inondasyon.

Pou plis enfòmasyon kontakte otorite egzekisyon kòd lokal ou yo oubyen administratè plèn inondasyon, Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon FEMA nan 800-427-4661 oubyen 800-427-5593 (TTY) oubyen ajan asirans lokal ou a. Genyen plis enfòmasyon ki disponib nan fema.gov ak floodsmart.gov.

 

###

Tags:
Dènye mizajou