Douz lòt Konte kalifye pou Operasyon Twati Ble

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 019
Release Date:
September 23, 2017

Orlando, Fla. – Mèt kay ki kalifye yo nan Brevard, Citrus, Indian River, Lake, Martin, Okeechobee, Orange, Osceola, Seminole, Sumter, St. Lucie, ak konte Volusia kounye a kalifye pou asistans gratis avèk reparasyon twati tanporè.  Nouvo konte ki ajoute yo se anplis de Broward, Charlotte, Collier, DeSoto, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lee, Manatee, Miami-Dade, Monroe, Palm Beach, Pinellas, Polk, and Sarasota counties ki te apwouve anvansa.

Operasyon Twati Ble bay yon kouvèti tanporè fèy plastik ble pou ede redwi plis domaj nan kay la jiskaske yo ka fè reparasyon pèmanan yo. Yo enstale fèy an plastik ble a lè yo itilize bann bwa ki sekirize twati a avèk klou oswa vis.

Se sèlman aplikan yo ki abite nan rezidans prensipal ki gen twati estanda an bado ki kalifye pou resevwa yon twati ble tanporè.  Twati an metal ak kay mobil yo ka repare kòm pratik sou yon baz ka-pa-ka. Twati yo ki gen plis pase 50 pousan domaj nan estrikti pa kalifye pou pwogram sa a.

Pou kay ki lwe yo, nou dwe jwenn pèmisyon legal nan men mèt kay la pou nou ka enstale yon twati ble. Lokatè yo dwe jwenn pèmisyon legal tou nan men pwopriyetè yo pou yo ka kontinye abite kay la jiskaske yo fin fè reparasyon pèmanan yo.

Pwopriyetè kay yo dwe siyen yon fòm Dwa Antre [Right of Entry (ROE)] pou pèmèt anplwaye gouvènman ansanm avèk kontraktè yo antre nan pwopriyete yo pou evalye domaj la epi enstale kouvèti tanporè a. Sant koleksyon ROE yo ouvè 8 a.m. jiska 6 p.m., sèt jou pa semèn sof si yo deside otreman.

Twa nouvo sant koleksyon Dwa Dantre [ Right of Entry] te ouvè:

KONTE BROWARD

Walmart Parking Lot
2500 West Broward Blvd.
Fort Lauderdale, FL 33312                                                                          

 

KONTE CHARLOTTE

Lowe’s Home Improvement
2000 Tamiami Trail
Port Charlotte, FL 33948

 

KONTE MONROE

30320 Overseas Highway
Big Pine Key, FL 33050

 

Lòt sant ROE yo lokalize nan:

KONTE  COLLIER

Development Services Building
2800 North Horseshoe Dr.
Naples, FL 34104

The Growth Center
310 Alachua St.
Immokalee, FL 34142

 

KONTE  DESOTO

County Library
125 N Hillsboro Ave.
Arcadia, FL 34266

 

KONTE  GLADES

County Training Center
1030 Industrial Highway
Moore Haven, FL 33471

 

KONTE  HARDEE

County Library
315 N. 6th Ave.
Wauchula, FL 33873

 

KONTE  HENDRY

Walmart Parking Lot
1951 Hickpochee Ave.
LaBelle, FL 33935

 

KONTE  HIGHLANDS

County Civic Center
4509 George Blvd.
Sebring, FL 33875

 

KONTE  HILLSBOROUGH

Seffner-Mano Branch Library
410 N. Kingsway Rd.
Seffner, FL 33584

 

KONTE  LEE

Lowe’s Home Improvement
8040 Dani Dr.
Fort Myers, FL 33966

 

KONTE  MIAMI-DADE

Clark Government Center
111 Northwest 1st St.
Miami, FL 33128

 

Lowe's Home Improvement
1850 NE 8th St.
Homestead, FL 33033

 

KONTE  PALM BEACH: *Remake èdtan: 8 a.m. pou rive 6 p.m. Lendi -Samdi

Belle Glade Library
725 NW 4th St.
Belle Glade, FL 33430

 

KONTE  PINELLAS

The Outreach Center
12875 Walsingham Rd.
Largo, FL 33774

 

KONTE  POLK
5253 Airport Blvd.
Bartow, FL 33830

 

KONTE  SARASOTA

Bee Ridge Park
4430 South Lockwood Ridge Rd.
Sarasota, FL 34231

Enfòmasyon aktyèl disponib sou Operasyon Twati Ble disponib sou sitwèb Kò Enjenyè Lame Ameriken Distri Jacksonville nan  www.saj.usace.army.mil/BlueRoof ak nan 1-888-ROOF-BLU (1-888-766-3258). Enfòmasyon yo disponib alafwa nan lang Angle ak Panyòl nan nimewo inik sa a. Pajweb Blue Roof la disponib tou nan lang Panyòl nan www.saj.usace.army.mil/blueroof_espanol/.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj 

###

 

Tags:
Dènye mizajou