DOUZ LÒT KONTE KALIFYE POU OPERASYON TWATI BLE [https://www.fema.gov/ht/news-release/20200220/doze-municipios-adicionais-elegiveis-para-operacao-blue-roof] Release Date: September 23, 2017 ORLANDO, FLA. – Mèt kay ki kalifye yo nan BREVARD, CITRUS, INDIAN RIVER, LAKE, MARTIN, OKEECHOBEE, ORANGE, OSCEOLA, SEMINOLE, SUMTER, ST. LUCIE, AK KONTE VOLUSIA kounye a kalifye pou asistans gratis avèk reparasyon twati tanporè.  Nouvo konte ki ajoute yo se anplis de BROWARD, CHARLOTTE, COLLIER, DESOTO, GLADES, HARDEE, HENDRY, HIGHLANDS, HILLSBOROUGH, LEE, MANATEE, MIAMI-DADE, MONROE, PALM BEACH, PINELLAS, POLK, AND SARASOTA COUNTIES ki te apwouve anvansa. Operasyon Twati Ble bay yon kouvèti tanporè fèy plastik ble pou ede redwi plis domaj nan kay la jiskaske yo ka fè reparasyon pèmanan yo. Yo enstale fèy an plastik ble a lè yo itilize bann bwa ki sekirize twati a avèk klou oswa vis. Se sèlman aplikan yo ki abite nan rezidans prensipal ki gen twati estanda an bado ki kalifye pou resevwa yon twati ble tanporè.  Twati an metal ak kay mobil yo ka repare kòm pratik sou yon baz ka-pa-ka. Twati yo ki gen plis pase 50 pousan domaj nan estrikti pa kalifye pou pwogram sa a. Pou kay ki lwe yo, nou dwe jwenn pèmisyon legal nan men mèt kay la pou nou ka enstale yon twati ble. Lokatè yo dwe jwenn pèmisyon legal tou nan men pwopriyetè yo pou yo ka kontinye abite kay la jiskaske yo fin fè reparasyon pèmanan yo. Pwopriyetè kay yo dwe siyen yon fòm Dwa Antre [Right of Entry (ROE)] pou pèmèt anplwaye gouvènman ansanm avèk kontraktè yo antre nan pwopriyete yo pou evalye domaj la epi enstale kouvèti tanporè a. Sant koleksyon ROE yo ouvè 8 A.M. JISKA 6 P.M., SÈT JOU PA SEMÈN sof si yo deside otreman. Twa nouvo sant koleksyon Dwa Dantre [ Right of Entry] te ouvè: KONTE BROWARD Walmart Parking Lot 2500 West Broward Blvd. Fort Lauderdale, FL 33312                                                                             KONTE CHARLOTTE Lowe’s Home Improvement 2000 Tamiami Trail Port Charlotte, FL 33948   KONTE MONROE 30320 Overseas Highway Big Pine Key, FL 33050   Lòt sant ROE yo lokalize nan: KONTE  COLLIER Development Services Building 2800 North Horseshoe Dr. Naples, FL 34104 The Growth Center 310 Alachua St. Immokalee, FL 34142   KONTE  DESOTO County Library 125 N Hillsboro Ave. Arcadia, FL 34266   KONTE  GLADES County Training Center 1030 Industrial Highway Moore Haven, FL 33471   KONTE  HARDEE County Library 315 N. 6th Ave. Wauchula, FL 33873   KONTE  HENDRY Walmart Parking Lot 1951 Hickpochee Ave. LaBelle, FL 33935   KONTE  HIGHLANDS County Civic Center 4509 George Blvd. Sebring, FL 33875   KONTE  HILLSBOROUGH Seffner-Mano Branch Library 410 N. Kingsway Rd. Seffner, FL 33584   KONTE  LEE Lowe’s Home Improvement 8040 Dani Dr. Fort Myers, FL 33966   KONTE  MIAMI-DADE Clark Government Center 111 Northwest 1st St. Miami, FL 33128   Lowe's Home Improvement 1850 NE 8th St. Homestead, FL 33033   KONTE  PALM BEACH: *REMAKE ÈDTAN: 8 A.M. POU RIVE 6 P.M. LENDI -SAMDI Belle Glade Library 725 NW 4th St. Belle Glade, FL 33430   KONTE  PINELLAS The Outreach Center 12875 Walsingham Rd. Largo, FL 33774   KONTE  POLK 5253 Airport Blvd. Bartow, FL 33830   KONTE  SARASOTA Bee Ridge Park 4430 South Lockwood Ridge Rd. Sarasota, FL 34231 Enfòmasyon aktyèl disponib sou Operasyon Twati Ble disponib sou sitwèb Kò Enjenyè Lame Ameriken Distri Jacksonville nan  www.saj.usace.army.mil/BlueRoof [http://www.saj.usace.army.mil/BlueRoof] ak nan 1-888-ROOF-BLU (1-888-766-3258). Enfòmasyon yo disponib alafwa nan lang Angle ak Panyòl nan nimewo inik sa a. Pajweb Blue Roof la disponib tou nan lang Panyòl nan www.saj.usace.army.mil/blueroof_espanol/ [http://www.saj.usace.army.mil/blueroof_espanol/]. ### _MISYON FEMA SE POU SIPÒTE SITWAYEN AK SEKOURIS NOU YO POU ASIRE KE ANTANKE PEYI NAP TRAVAY ANSANM POU BATI, SOUTNI AK AMELYORE KAPASITE NOU POU PREPARE POU, PWOTEJE KONT, REPONN A, REKIPERE NAN,  AK DIMINYE TOUT DANJE YO._ _Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585._ _Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj  _ _###_