Èd pou Lojman Transitwa: Sa W Dwe Konnen pou Kounya a

Release Number:
045
Release Date:
Janvye 22, 2025

Kisa kritè kalifikasyon TSA yo ye?

FEMA ka peye pou lojman tanporè nan otèl oswa motèl yo si ou reponn ak tout kritè sa yo:

  • Gen yon enspeksyon FEMA ki montre li danjere pou w abite nan kay ou a.
  • Ou pa gen asirans ki kouvri depans pou viv yo apre yon katastwòf.
  • Demann ou fè ak FEMA a aktif.

Kijan yo pral enfòme m si mwen pa kalifye ankò pou èd la?

FEMA ap kontakte w ak mesaj tèks, imèl ak/oswa apèl sèt jou anvan ou deplase.

Kijan m ka fè pèdi kalifikasyon m pou èd TSA a?

FEMA pral egzamine kalifikasyon w pou yon èd kontinyèl chak 14 jou epi y ap konsidere ou kalifye pou Èd pou Lojman Transitwa si:

  • Gen yon enspeksyon FEMA ki montre li pa danjere pou w abite nan kay ou a.
  • Yon enspektè pa t arive fè enspeksyon pou kay ou a apre l te fin eseye kontakte w twa fwa oswa ou pa t prezante nan moman enspeksyon an.
  • Gen yon lòt moun nan fanmi w k ap benefisye èd lojman FEMA a.
  • W ap benefisye aktyèlman yon èd pou lwaye nan FEMA.
  • Ou pa t prezante dokiman ki pwouve aktyèlman ou pa p benefisye okèn lajan asirans pou pèt izaj oswa pou depans pou viv anplis yo.
  • Ou pa respekte kondisyon motèl oswa otèl kote ou rete a.

Yo te enfòme m mwen pa kalifye pou èd la ankò. Kisa mwen dwe fè pou mwen montre mwen bezwen rete nan otèl mwen an?

Ou ka bezwen bay dokiman ki pwouve ou pa p benefisye okenn lajan asirans pou pèt izaj oswa depans pou viv anplis yo. Ou ka bezwen pwouve tou kay ki site nan demann ou an se rezidans prensipal ou.  

Yo te di m mwen pa kalifye pou yon èd anplis paske mwen pa t travay sou Plan Lojman Pèmanan m nan. Kisa yon Plan Lojman Pèmanan ye epi kisa m dwe fè?

Moun ki aplike yo kapab kalifye pou èd kontinyèl sou baz yon bezwen yo ka demontre mete avèk yon plan lojman pèmanan oswa dirab yo genyen oubyen sou baz pwogrè ki fèt pou mennen nan devlopman yon plan lojman dirab.

Sivivan ki resevwa lajan nan men FEMA yo, san wete asistans TSA, èd pou lwaye ak lojman FEMA bay, dwe mete sou pye yon plan pou yo deplase al nan yon lojman pèmanan. Si w poko ka al abite nan yon lojman pèmanan epi w bezwen kontinye benefisye èd FEMA a, w ap bezwen montre FEMA ou fè pwogrè nan plan lojman w lan.

Sivivan yo ka montre yo fè pwogrè nan plan lojman dirab yo a si yo:

  • Deside repare oswa rekonstwi yon kay ki te deja la avan katastwòf lan, jwenn epi achte yon nouvo kay oubyen jwenn epi lwe yon lojman ki disponib.
  • Bay prèv yo fè pwogrè - tankou fakti pou reparasyon yo, demann pou lajan anplis (SBA (Administrasyon ti biznis), labank, elatriye) yon kontra pou rekonstwiksyon oswa yon fèm pou yon nouvo kay.
  • Bay prèv ki fè gen reta ki pa depann volonte w.
  • Atenn objektif dirab yo pou plan lojman an nan yon tan ki rezonab.
  • Reponn ak demann kominikasyon epi rankont ak yon manm estaf FEMA.

Kisa pou m fè kounya a pandan mwen pa kalifye pou Èd pou Lojman Transitwa a?

Ou toujou gen aksè ak lòt resous èd pou katastwòf yo, san wete enfòmasyon anplis sou opsyon lojman atravè Activate Hope nan HopeFlorida.com oswa (833) GET-HOPE (833-438-4673), ansanm ak 211 Eta Florida a apre kalifikasyon w pou pwogram TSA a fini.

Pou plis èd, rele Liy Dirèk FEMA a nan (800) 621-3362, ale sou DisasterAssistance.gov, oswa telechaje epi sèvi ak aplikasyon FEMA a. 

Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou redrèsman apre Siklòn Milton, vizite fema.gov/ht/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou redrèsman apre siklòn Helene, vizite fema.gov/ht/disaster/4828. Pou Siklòn Debby, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou