Konsèy sou Sekirite Init Lojman Tanporè

Release Date:
February 25, 2021

Men yon lis konsèy pou rete ansekirite pandan w ap viv nan yon init lojman tanporè FEMA (temporary housing unit (THU)).

Bagay pou Evite Fè:

  • Minimize ankonbreman nan THU FEMA a pou diminye danje dife.
     
  • Pa bloke papòt yo. Kenbe tout antre ak soti yo aklè.
     
  • Pa iyore odè ki pa òdinè yo. Pa egzanp, yon odè ki ta ka vle di se yon pwopàn kap koule, ki kapab detekte akòz odè li kan santi menm jan avèk ze pouri oswa rat mouri.
      
  • Pa floche anyen anndan twalèt la apa papye twalèt pou evite sistèm septik ak egou nan init lan bouche. Papye ijyenik ki ka fonn rapid se meyè chwa pou trelè vwayaj yo.
     
  • Pa estoke anyen deyò anba init ou yo.
     
  • Teste alam monoksid kabòn nan epi asire w alam pou dife a mache. Asire w detektè lafimen, pwopàn ak monoksid yo toujou genyen pil ki bon ladan yo. 

Kisa pou fè Pandan Move Tan:

  • Si yo prevwa move tan, rete vijilan ak anons metewolojik yo epi konfòme w ak tou lòd pou evakyasyon yo.
     
  • Evakye touswit si otorite lokal yo rekòmande rezidan nan lojman fabrike yo jwenn yon refij ki pi solid: men kite THU a anplas.
     
  • Pa janm pran refij nan yon THU pandan gen gwo van, tònad, siklòn oswa inondasyon. 
     
  • Pa kite bèt domestik ou yo dèyè nan yon THU pandan move tan.  
     
  • Mete atik enpòtan yo nan etajè ki pi wo yo epi dekonekte aparèy elektrik ki pa nesesè yo.
     
  • Pwoteje tank pwopàn ou, si li aplikab pou THU a. Pwopàn kapab limen avèk lòt sous tankou flanm dife, materyèl flamab, etensèl elektrik avèk elektrisite estatik.
     
  • Plis teknik pou minimize riks nan move tan yo disponib sou sitwèb www.ready.gov.

Lòt Bagay ou Dwe Sonje:

  • THU FEMA a se pa kay pèmanan ou oswa pwopriyete pèsonèl ou. THU FEMA yo se pwopriyete gouvènman epi tout moun k ap viv ladan yo dwe respekte règleman yo ki endike nan akò lisans revokab la.
     
  • FEMA genyen yon kontra anplas pou konsèvasyon ak antretyen tout init ki okipe yo pou garanti THU yo rete abitab, ansekirite, epi san danje. FEMA pral bay antretyen woutin prevantif gratis nan ka ijans.
     
  • Y ap enspekte chak init pou sekirite chak mwa kòm yon pati nan Inisyativ Antretyen Prevantif pou minimize chans pwoblèm antretyen woutin oswa annijans yo rive.
     
  • Li vrèman enpòtan pou kenbe enfòmasyon sou kontak ou yo ajou avèk FEMA.
     
  • Kontraktè FEMA yo gen obligasyon pou eseye kontakte w 24 èdtan anvan enspeksyon kay la oswa anvan yo fè antretyen eksepte nan sitiyasyon ijans yo kote li pa obligatwa pou yo avize w alavans.
  • Toujou asire w pou swiv direktiv FEMA yo. FEMA rezève li dwa pou revoke dwa w pou okipe THU a si okipan an pa an konfòmite oswa an vyolasyon avèk lisans revokab la.

 

FEMA te elaji sèvis li yo pou akomode kesyon w yo konsènan init lojman tanporè yo. Si yo pat ba ou yon pwen kontak pou bezwen lojman w yo, ou kapab rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362. Si w itilize TTY, rele 800-462-7585. Moun yo ki itilize yon sèvis relè tankou telefòn videyo , InnoCaption oswa CapTel ta dwe mete FEMA ajou avèk nimewo ki asiyen pou sèvis sa a. Liy telefòn gratis yo fonksyone depi 7 a.m. jiska 10 p.m., sèt jou pa semèn.

Pou dènye enfòmasyon yo sou Siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559. Pou dènye enfòmasyon yo sou Siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter Region 6 FEMA a sou twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou