Foto
- Pa eseye separe foto ak kliche negatif ki kole youn ak lòt yo paske yo kapab chire. Mete yo nan yon kivèt ki plen ak dlo pwòp epi kite yo tranpe pandan 48 èdtan jiskaske ou kapab detache yo youn sou lòt oswa yo ap separe youn ak lòt poukont yo.
- Apre yo fin separe, rense yo epi swa w kapab mete yo nan yon sèvyèt (pati ki enprime an sou anlè) oswa w kapab tann yo pou yo sèch.
- Pa janm manyen foto ki mouye nan pati ki enprime an paske ou kapab gate yo.
Rad oswa tisi
- Pran de kivèt, mete yo youn bòkote lòt sou yon tab epi plen yo ak dlo pwòp. Mete rad oswa tisi ou yo nan premye kivèt la epi tou dousman kòmanse deplase li pou li kapab retire debri ak pousyè ki te ransable ladan li.
- Retire l epi tou dousman prije l pou rès dlo a sòti (pa tòde l) epi mete li nan dezyèm kivèt la. Repete pwosesis sa; deplase li, retire l epi prije l tou dousman. Epi pou fini, mete rad la oswa tisi an sou yon sèvyèt epi kite l sèch.
Liv
- Liv ki gen labou, rouy oswa ki te ekspoze ak dlo sale yo dwe rense nan yon bokit dlo distile. Kenbe liv la byen fèmen pandan ou ap plonje li nan dlo a. Retire l epi kite dlo ki anplis la degoute, men pa prije liv la.
- Itilize yon tòchon ki sèk oswa yon sèvyèt papye pou siye kouvèti an tou dousman.
- Mete liv la sou yon tab ki kouvri ak sèvyèt papye. Mete liv la kanpe pou li sèch epi pase van sou paj yo pou yo kapab byen seche.
- Mete fèy sèvyèt papye oswa tòchon nan mitan paj yo chak ka pous pou absòbe dlo an. Ranplase sèvyèt papye yo chak fwa yo tranpe ak dlo.
- Kite liv la poze sou plas, kanpe toutotan ki nesesè pou li ka seche nèt.
Lòt atik.
- Netwaye bagay ki an bwa yo ak yon eponj imid, pase eponj lan sou yo epi kite yo sèch anndan kay la, pa mete yo nan solèy.
- Rense bagay ki an metal yo ak dlo pwòp epi siye yo pou yo sèch ak yon twal ki swa pi pwòp.
- Ou pa dwe kole po oswa pòslèn ki kraze yo ak kòl si yo toujou imid (mouye). Mete tout moso yo nan yon bwat ki ouvè epi make non bagay la. Kole moso yo ansanm lè yo sèch.
Pou plis enfòmasyon sou kijan pou rekipere trezò familyal yo, ale sou Smithsonian Cultural Rescue Initiative, Resources for the Public and Historic Property Owners. (Resous pou Mèt Pwopriyete Piblik ak Istorik yo) Sitwèb yo an genyen enfòmasyon detaye sou kijan pou rekipere foto,liv, epi tou dokiman ak papyeenpòtan.
Pou pale ak yon Espesyalis Limitasyon Dega rele nan 833-FEMA-4-US oswa nan 833-336-2487. Pou bay yon ti kout je sou piblikasyon sou limitasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou reparasyon, modènizasyon, oswa rekonstriksyon ak plis sekirite epi plis ranfòsman ale sou https://fema.connectsolutions.com/lamit oswa https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit pou Panyòl.
Pou jwenn dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 epi ba nou like sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.