BATON ROUGE, La.–Yon kyòs Sant Rekiperasyon katastwòf (DRC) pral ouvè nan dat 3 Desanm pou ede sivivan siklòn Laura ak Delta.
DRC a fonksyone anba pwotokòl strik COVID-19 pou asire vizitè yo ansekirite. Mask oswa kouvèti figi yo obligatwa pou antre ak jwenn sèvis. Sivivan yo rete nan veyikil yo. Yon spesyalis ki mete yon mask pral resevwa dokiman yo nan fenèt epi retounen yo.
Randevou pa nesesè. Lè fonksyonman yo se 8 a.m. rive 5 p.m. Lendi jiska Vandredi 10 a.m. rive 3 p.m. Samdi epi fèmen nan Dimanch.
Kyòs sant lan se nan:
Lawrence Toups Memorial Park
115 N Thompson Ave.
Iowa, LA 70647
DRC lan nan Moss Bluff ap fèmen nan 5 p.m. 1ye Desanm.
Moss Bluff Senior Center
2868 US Hwy 171 N
Moss Bluff, LA 70611
Gen lòt sant ki ouvè nan Louisiana. Sivivan yo ka vizite nenpòt sant ki ouvè. Pou lokalize sant ki pi pre a, oswa tcheke sou estati yon DRC anvan yon vizit pou asire etablisman an ouvè, vizite: egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator.
Sivivan yo pa bezwen vizite yon kyòs sant pou aplike oswa mete aplikasyon yo ajou. Pou mande kesyon endividyèl oswa pou soumèt enfòmasyon:
Rele Liy èd FEMA nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585, vizite www.DisasterAssistance.gov oswa telechaj aplikasyon mobil FEMA nan fema.gov/about/news-multimedia/app
Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura,vizite fema.gov/disaster/4559 pou siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570. Oswa, swiv kont Twiter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.