Kijan FEMA Detèmine si yon Kay Abitab

Release Date:
Novanm 23, 2020
    1. konsidere faktè spesifik lè yap detèmine si yon sivivan ka retounen nan yon kay ki ansekirite, pwòp ak fonksyonèl apre yon tanpèt tankou Siklòn Laura.

Sivivan siklòn Laura yo ki te resevwa lèt detèminasyon nan FEMA kapab gen kesyon sou kijan FEMA detèmine si yo kapab viv nan kay yo. Gen kèk moun ki kapab kesyone “abitabilite” oswa “inabitasyon” detèminasyon kay yo kòm yon rezilta nan domaj katastwòf la.  

    1. Abitabilite

FEMA defini yon kay abitab kòm yon kay ki ansekirite, pwòp, fonksyonèl epi ki pa prezante okenn danje katastwòf la koze pou okipan yo.  Daprè definisyon sa a, yon kay kapab gen domaj siklòn men li toujou abite pandan reparasyon yo ankou.

FEMA verifye si yon kay abitab nan plizyè fason, sa ki enkli enspeksyon sou plas ak itilizasyon teknoloji, tankou imaj satelit, konbine avèk oto-evalyasyon aplikan an.

Yon enspeksyon FEMA detèmine si reparasyon kay la nesesè pou asire sekirite oswa sante okipan yo pou rann kay la fonksyonèl.

Gid pwogram kay ak endividyèl FEMA detèmine elijiblite pou kalite asistans ki annaprè yo ki baze sou abitabilite yon kay:

  • Ranbousman pou Depans Lojman;
  • Asistans Lwaye;
  • Asistans pou Reparasyon Kay ak Asistans pou Ranplasman;
  • Asistans Lojman Dirèk; ak,
  • Lòt Asistans ki nesesè tankou depans pou depo

FEMA ka ede lè rezidans prensipal la detwi, pa abitab oswa inaksesib.

 

    1. pou asistans federal

FEMA konsidere faktè sa yo lè lap detèmine si yon aplikan elijib pou asistans federal:

  • Eksteryè a striktirèlman solid, sa ki gen ladan fenèt, pòt ak twati;
  • Elektrisite a gaz, chofaj, plonbri, elatriye,. ap fonksyone;
  • Andedan an striktirèlman solid, sa ki gen ladan planche, miray ak twati a;
  • Gen aksè san danje pou ale ak retounen nan kay la;
  • Sistèm septik ak egou yo ap fonksyone komsadwa; ak,
  • Rezèv dlo a oswa pwi (si aplikab) ap fonksyone.

Pou w jwenn plis enfòmasyon oswa pou enskri pou asistans:

  • Rele Liy èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585).
  • Vizite disasterassistance.gov/.
  • Pou w jwenn yon Sant Rekiperasyon Katastwòf mobil (DRC), tèks 43362 epi tape DRC ak yon kòd postal (pa egzanp DRC 12345).
  • Pou resevwa yon lyen pou telechaje aplikasyon FEMA a:

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559. Swiv Kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye Mizajou