Kijan pou Konteste Desizyon FEMA

Release Date:
Septanm 9, 2023

Si ou resevwa yon let ki soti nan FEMA epi ou pa dakò avèk desizyon FEMA a konsènan kalifikasyon ou, ou ka konteste desizyon an. FEMA ka gen bezwen plis enfòmasyon pou kontinye ak pwosesis aplikasyon ou an.

Pwosedi kontestasyon a

Ou ka soumèt yon lèt ki siyen kote w ap eksplike poukisa ou pa dakò ak desizyon FEMA epi bay plis enfòmasyon oswa dokiman ki pou sipòte kontestasyon ou an. Ou sipoze soumèt kontestasyon an nan yon kalandriye 60 jou aprè dat lèt kalifikasyon an. Tanpri mete sa yo: 

  • Non konplè, adrès avan katastwòf, adrès aktyèl ak nouvo nimewo telefòn moun ki aplike a. 
  • Nimewo aplikasyon moun ki aplike nan FEMA gen 9 chif, ki nan tèt lèt detèminasyon an (nan chak paj)
  • Nimewo deklarasyon katastwòf FEMA a DR 4734 (nan chak paj)
  • Siyati aplikan an ak dat
  • Lòt dokiman pou sipòte kontestasyon ou an (prèv kantite lajan moun ki fè kontra estime, asirans papye travay, ak nenpòt lòt dokiman FEMA mande nan lèt kalifikasyon an)

Si chwazi yon twazyèm moun ki pou soumèt lèt kontestasyon ou an sou non w, twazyèm noun nan dwe siyen lèt la. Anplis, tanpri bay yon deklarasyon ou siyen ki otorize twazyèm moun sa pou konteste nan non w. 

Voye lèt ou a:

Nan kourye lapòs bay: FEMA, P. O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-8055

Ou kapab ajoute tou lèt kontestasyon ak dokiman sipò yo nan kont ou an sou DisasterAssistance.gov, klike "Check Status" Verifye Estati" nan paj prensipal la epi suiv enstriksyon yo oswa voye pa faks nan 800-827-8112 bay: FEMA.

Ou kapab vizite nenpòt Sant Rekiperasyon apre katastwòf ki pi pre w la epi soumèt yon kontestasyon. Pou plis enfòmasyon sou DRC ki louvri ak lè yo ou kapab ale sou paj DRC nan: DRC Lokalizatè (fema.gov)chèche eta ep chwazi Florida.

Si ou gen nenpòt kesyon oswa bezwen asiatans ou ka toujou kontakte Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362.

Tags:
Dènye Mizajou