Kijan pou fè apèl kont Desizyon FEMA a

Release Date:
Jen 29, 2023

Dat limit pou aplike pou asistans FEMA pou rezidan Broward County ki te sibi domaj oswa pèt nan gwo tanpèt ak inondasyon an Avril la pase. Si ou resevwa yon lèt desizyon FEMA epi ou pa dakò ak desizyon FEMA sou kalifikasyon, ou gen dwa pou fè apèl kont desizyon FEMA a. Tanpri li lèt desizyon w la ak anpil atansyon. 

Pwogram Endividi ak Kay FEMA a (IHP) bay asistans finansyè a moun ak fanmi ki elijib ki afekte nan yon katastwòf ki pa gen asirans oswa ki pa gen ase asirans pou depans ki gen rapò ak katastwòf. FEMA pa ka ede ak pèt ke asirans kouvri. Si asirans ou a pa kouvri tout pèt ou yo, oswa si li an reta, ou ka elijib pou jwenn asistans pou bezwen ou yo ki pa satisfè yo.

Pwosesis Apèl la

Yon apèl se yon lèt ekri e ki siyen ou voye bay FEMA ki eksplike rezon pou kontestasyon w la/pou kisa ou pa dakò ak desizyon FEMA a ak yon opòtinite pou bay nouvo oswa lòt dokiman ki sipòte kontestasyon w la. Ou gendwa fè apèl kont nenpòt desizyon FEMA pran, tankou premye desizyon elijiblite ou, kantite oswa oswa kalite asistans yo ba ou, aplikasyon an reta, demann pou retounen lajan, oswa yon refi pou Kontinye Asistans Lojman Tanporè. 

Yon lèt kontestasyon dwe soumèt nan 60 jou apre dat sou lèt detèminasyon an. Tanpri mete tout sa yo ladan l: 

  • Non konplè aplikan an, adrès prensipal li anvan katastwòf la, adrès aktyèl li an ak nimewo telefòn aktyèl li 
  • 9 chif nimewo aplikasyon FEMA aplikan an, w ap jwenn li anlè lèt detèminasyon an (nan chak paj)
  • Nimewo deklarasyon FEMA pou katastwòf, w ap jwenn li anlè lèt detèminasyon an, pa egzanp DR-4709-FL (nan chak paj)
  • Siyati aplikan an ak dat la
  • Lòt dokiman pou sipòte apèl ou a (estimasyon kontraktè ki verifye, papye asirans, nenpòt lòt dokiman FEMA te mande nan lèt detèminasyon an)

Si w chwazi pou yon lòt enstans soumèt yon lèt kontestasyon an nan non w, moun sa dwe siyen lèt kontestasyon an. Anplis de sa, tanpri mete yon deklarasyon ki montre ou te siyen pou otorize moun sa pou fè apèl la nan non w. Voye lèt apèl ou a:

Pa lapòs bay: FEMA
P. O. Box 10055
Hyattsville, MD 20782-8055

Epi tou, ou ka telechaje lètApèl ak dokiman sipò yo sou kont ou sou DisasterAssistance.gov, klike “Check Status” nan paj Akèy la epi swiv enstriksyon yo, oswa fakse nan 800-827-8112 Attn: FEMA.

Si w gen nenpòt kesyon sou pwosesis apèl la oswa si w bezwen asistans, ou ka rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362. 

Tags:
Dènye mizajou