Enfòmasyon Itil Lè pou Fè Apèl ak yon Desizyon FEMA

Release Date:
Septanm 14, 2021

Ou aplike nan FEMA pou èd pou katastwòf apre Siklòn Ida epi ou te resevwa yon lèt. Ou pa sèten sou sa ki di an, men ou panse sa pa bon.

Souvan, yo voye lèt sa yo lè aplikasyon an manke enfòmasyon. Petèt ou pa te montre prèv ou se moun ou di ou ye a, ou se mèt lòjman ou an, oswa ou te ap viv nan yon kay pandan pifò tan an nan ane anvan Ida. Men konsèy pou ou ekri yon lèt apèl pou desizyon FEMA.

Ou genyen 60 jou pou ou voye Apèl ou an bay FEMA

Pati ki pi enpòtan nan pwosesis fè apèl la se konnen konbyen tan ou genyen pou ou fè yon bagay sou sa. Konte 60 jou depi sou dat FEMA genyen sou lèt desizyon an. Se dat sa pou antoure nan kalandriye ou pou fè ou sonje se dènye jou pou voye apèl ou pou FEMA. Sonje apre FEMA fin resevwa lèt ou an, ou kapab resevwa yon apèl telefonik oswa yon lèt swivi ki ap mande plis enfòmasyon.

Li Lèt FEMA ak Atansyon Anvan ou Ekri Apèl Ou an

Ou pral bezwen konprann poukisa FEMA te di aplikasyon an pa te "admisib," oswa yo refize asistans ou an, oswa FEMA ap tann pou li pran yon desizyon. Souvan, rezon an tou senp tankou dokiman ak enfòmasyon ki manke. Li lèt FEMA depi nan kòmansman rive nan fen pou ede ou konprann kisa ajans lan ap mande ou pou ou fè.

Genyen Ladan li Prèv pou Sipòte Demand Apèl ou an

Lèt apèl ou an pa ase pou fè FEMA konsidere desizyon li an. Ou bezwen prèv pou sipòte reklamasyon ki nan apèl ou an. Li enpòtan pou ou mete dokiman oswa enfòmasyon nan demand FEMA yo. Men kisa ou dwe mete nan lèt ou an:

  • Yon kopi lèt FEMA ki di yo refize èd ou an, oswa ajans lan pa pran yon desizyon.
  • Lèt Asirans: Konpanyi asirans ou an ta kapab ba ou yon ti pati nan sa ou bezwen pou repare kay ou, ki pa ase pou ede w rete yon lòt kote, oswa pa ase pou ranplase kèk byen ou. Kenbe nan tèt ou FEMA pa ka ba ou yon sibvansyon sou yon bagay konpanyi asirans ou gentan peye pou ou.
  • Prèv posesyon: Yon kopi fakti sèvis piblik, yon pèmi kondiktè, yon kredi oswa relve bank, yon dokiman lekòl lokal, yon imatrikilasyon machin oswa yon lèt patwon ou. Tout ka itilize pou pwouve kay oswa lokasyon ki te sibi dega yo se te domisil prensipal ou ap viv. Prensipal vle di ou te viv la a pandan pifò tan nan ane a.
  • Prèv pwopriyete a: Dokiman Ipotèk oswa asirans; resi taks oswa yon sètifika pwopriyete; resi reparasyon oswa amelyorasyon ki nan dat lwen tankou 2016; lèt yon kay mobil oswa yon dokiman jistis. Si dokiman ou yo te pèdi oswa detwi, klike nan www.usa.gov/replace-vital-documents pou plis enfòmasyon sou kòman pou ranplase yo.

Voye Lèt Apèl ou an nan Lapòs, Faks, oswa Telechaje li, Pa Bliye Siyen li epi mete Dat

  • Ou genyen 60 jou apati dat ki nan lèt desizyon FEMA ou an pou voye apèl ou an nan imèl, faks oswa telechaje apèl ou an si ou vle FEMA konsidere premye desizyon yo an. Siyen epi mete dat nan apèl ou an. Epi pa bliye mete nimewo nèf-chif demand FEMA ou an, nimewo katastwòf ou an (DR-4611-LA), ak dokiman ou kapab montre tankou prèv.
    • Lapòs: Sant Sèvis Nasyonal Trètman FEMA, P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-8055 
    • Faks: Pou Atansyon, 800-827-8112: FEMA
    • Pou kreye yon kont FEMA anliy oswa telechaje dokiman anliy, ale nan www.DisasterAssistance.gov, klike nan "Verifye Estati" epi swiv direksyon yo

Kisa Ou Kapab Atann Apre ou fin Voye Lèt Apèl ou an

Ou te ekri apèl ou an epi voye li bay FEMA nan 60 jou apre ou te resevwa lèt desizyon yo an. Kisa kounya? Ou dwe resevwa yon apèl telefonik oswa yon lèt FEMA ki ap mande pou plis enfòmasyon. Oswa FEMA dwe pwograme yon lòt enspeksyon residans prensipal ou an. Nan nenpòt ka, depi ou voye apèl ou an bay FEMA, ou kapab atann yon lèt desizyon nan 90 jou apre FEMA fin resevwa li.

Sonje:

  • Dat limit pou aplike pou asistans FEMA pou katastwòf la se Jedi 28, Oktòb.
  • Pou nenpòt kesyon, rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585) Liy yo ouvè 24 trè, 7 jou pa semèn. Si ou ap itilize yon sèvis relè tankou yon videyofòn, Innocaption oswa CapTel, ou dwe bay nimewo espesyal ou genyen ki asosye ak sèvis sa. . Operatè yo tou kapab konekte ou ak yon espesyalis ki pale lang ou an.

 

 

Pou dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida an, ale soufema.gov/disaster/4611. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/FEMARegion6 epi ba nou like sou Facebook nanfacebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye Mizajou