Lojman Dirèk FEMA, Se Pa yon Solisyon Pèmanan

Release Date:
Fevriye 9, 2021

Rekouvreman pou anpil moun Lwizyàn yo akòz siklòn Laura ak Delta yo genyen ladan l rekonstwiksyon, reparasyon, jwenn nouvo lwaye oswa fè plan pou viv nan lojman tanporè kote pou yo mete yo.

Chwa lojman dirèk FEMA bay yo, tankou init lojman fabrike yo, kamyon rekreyatif ki pa genyen motè yo avèk lòt lojman ki pare pou abite yo, se pa solisyon pou lojman pèmanan yo ye.

FEMA bay opsyon lojman dirèk tanporè yo lè pa genyen lòt opsyon ki disponib pou sivivan ki kalifye yo pandan jiska 18 mwa apati dat deklarasyon dezas yo, ki se 28 dawou, 2020 pou Siklòn Laura avèk 16 oktòb, 2020 pou Siklòn Delta. Dènye dat ki pwograme pou aplike pou pwogram lojman dirèk la, ki valab pou tout rezidan FEMA yo, se 28 fevriye, 2021 pou sivivan Siklòn Laura yo avèk 16 avril, 2021 pou sivivan Siklòn Delta yo.    

Anvan pou sivivan yo kapab rantre nan lojman dirèk tanporè, yo dwe siyen yon akò lisans FEMA pou lokasyon init tanporè ki deklare lisansye a dwe genyen yon plan lojman valab, ki apwouve epi dwe demontre pwogrè regilye nan akonplisman plan sa a. Yo kapab mande rezidan yo pou kite init FEMA yo si pa genyen ase pwogrè oswa pa genyen pwogrè ki fèt nan plan an.  

Rezidan init FEMA yo dwe bay prèv pwogrè nan plan lojman pèmanan yo oswa prèv ki montre se pa fòt rezidan yo ki lakòz reta yo. Men egzanp dokiman ki akseptab yo:

  • Kontra oswa bòdwo pou reparasyon yo;
  • Aplikasyon /yo pou lajan adisyonèl (SBA, bank, etc.);
  • Kontra pou rekonstwiksyon oswa lokasyon yon nouvo kay; oswa
  • Lis pwopriyete yo avèk referans kontak ki idantifye pou rechèch lojman yo.

Pou sitiyasyon yo ki depase kontwòl rezidan yo, eksplikasyon detaye alekri oswa aloral avèk enfòmasyon sou kontak pou objektif verifikasyon ki akseptab. FEMA rekòmande sivivan yo pou dokimante pwosesis rekouvreman yo avèk plan pou lojman pèmanan yo nan yon kaye oswa nan fichye elektwonik, tankou nòt yo, dat, non, nimewo telefòn yo elatriye.  

Aplikan ki kalifye FEMA te kontakte pou diskite opsyon lojman yo, yo te bay yo yon referans kontak, epi yo te asiyen yon travayè sosyal bay rezidan init FEMA yo. Si yo pa te bay yon referans kontak (oswa travayè sosyal) oswa si yon sivivan te pèdi enfòmasyon an, sivivan yo kapab rele Telefòn pou Asistans FEMA a nan 800-621-3362, epi operatè a pral pran enfòmasyon moun ki rele a epi voye li nan Depatman Lojman Dirèk la. Si ou itilize TTY, ou kapab rele 800-462-7585: moun yo ki itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, InnoCaption oswa Captel ta dwe enfòme FEMA sou nimewo espesifik ki asiyen pou sèvis sa a. Liy telefòn dirèk yo opere depi 7 a.m. jiska 10 p.m. sèt jou pa semèn. Pou jwenn yon Sant Rekouvreman pou Dezas, vizite sitwèb https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator oswa ou kapab rele liy telefòn Èd  FEMA a.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite sitwèb fema.gov/disaster/4559. Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, vizite sitwèb fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA a sou twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye Mizajou