Asistanse FEMA pou Lokatè yo

Release Date:
Novanm 12, 2024

FEMA gen sibvansyon ki ka ede moun peye pou lojman tanporèman. Lokatè yo kapab kalifye tou pou yon sibvansyon gras ak pwogram Asistans pou Lòt Bezwen FEMA pou pèt pwopriyete pèsonèl ki enpòtan ki pa gen asirans pou yo oswa asirans lan pa ase pou kouvri yo, ak lòt depans ki gen rapò ak katastwòf yo. Se kapab kèk bagay tankou:

  • Ranplasman oswa reparasyon byen pèsonèl nesesè yo, tankou mèb, aparèy domestik, rad, liv oswa materyèl lekòl.
  • Reparasyon oswa ranplasman zouti ak lòt ekipman ki gen rapò ak travay ki nesesè pou travayè endepandan yo.
  • Si veyikil ou a te andomaje akoz loray epi l pa ka fonksyone ankò (epi veyikil la ranpli tout egzijans leta fè nan sa ki gen pou wè ak imatrikilasyon epi asirans) gen posiblite pou FEMA ede w. 
  • Frè asirans pa kouvri oswa ki soti nan pwòch ou pou sèvis finerè, medikal, dantè, gadri, asistans pou plizyè atik ansanm ak frè demanajman oswa depo.

Fason pou w Aplike pou Asistans FEMA a

Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov, lè yo itilize FEMA App la, oswa lè y al vizite yon Sant Reyabilitasyon apre Katastwòf. Ou ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.

Si w te aplike nan FEMA apre Siklòn Debby oswa Helene epi w gen domaj anplis nan Siklòn Milton, w ap bezwen aplike pou Milton apa epi bay dat domaj ki pi resan ou sibi yo.

Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.

###

 

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf yo.

 

Tags:
Dènye Mizajou