Pa pran tan pou aplike pou asistans FEMA pandan w ap tann règleman asirans ou. Dat limit pou aplike a se 29 Oktòb 2023.
Si yon desizyon sou règleman asirans ou pou yon katastwòf ki te koze domaj te retade plis pase 30 jou apati lè ou te fè reklamasyon an, ou ka kalifye pou yon peman davans asirans nan men FEMA. Lajan sa yo konsidere kòm yon prè epi ou dwe remèt FEMA yo yon fwa ou resevwa règleman ou nan men asirans ou an.
Menm lè FEMA pa kapab ofri asistans pou pwoblèm yon katastwòf pwovoke ki kouvri pa avantaj asirans, FEMA ka bay yon aplikan asistans pou nou ede li satisfè bezwen imedya li yo, lè avantaj asirans li yo an reta.
- Yo kapab konsidere premye asistans lokasyon aplikan ki montre règleman asirans yo gen anpil reta (30 jou oswa plis soti nan dat yo te depoze reklamasyon an) san se pa fòt pa yo.
- Aplikan ki aksepte asistans davans yo resevwa yon règleman asirans yo dwe dakò pou yo ranbouse FEMA lè yo resevwa règleman asirans yo.
Aplikan yo oblije enfòme FEMA sou tout kouvèti asirans (inondasyon, pwopriyetè kay, machin, kay mobil, medikal, antèman, elatriye.) ki ka disponib pou yo pou satisfè bezwen katastwòf yo te koze. Si règleman asirans ou an an reta, kontakte FEMA pou yon Demann pou Avansman ak yon lèt ki siyen, ki dwe ranpli epi retounen anvan FEMA ka evalye demann ou an pou asistans.
Pou aplike, rele liy gratis la nan 800-621-3362, ale sou entènèt la sou DisasterAssistance.gov, telechaje Aplikasyon FEMA pou aparèy mobil yo oswa ale nan Sant Rekiperasyon Katastwòf la. Liy telefòn nan ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 10 p.m, Lè Lès Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.