Dat limit pou aplike pou asistans pou katastwòf FEMA pwolonje jiska 4 janvye

Release Date:
December 3, 2021

Pwopriyetè kay ak lokatè ki pa gen asirans oswa ki pa gen asirans pou repare domaj pwopriyete yo te sibi nan Siklòn Ida a gen djiska Madi 4 Janvye pou yo aplike pou yo resevwa asistans nan kad katastwòf FEMA a.

  • Pou yo kapab aplike, rezidan yo dwe fè pati moun ki te sibi enpak tanpèt ki te pase nan dat 1 rive 3 Septanm epi yo dwe ap viv nan Konte Bronx, Brooklyn (Konte Kings), Queens, Staten Island (Konte Richmond), Dutchess, Nassau, Orange, Rockland, Suffolk oswa Konte Westchester yo . Dat 4 Janvye an se dat limit tou pou w aplike pou yon prè nan kad katastwòf nan Administrasyon Ti Antrepriz nan Etazini.
  • Asistans nan kad katastwòf la pa kapab ranplase konpayi asirans yo epi l pa kapab repare tout pèt Siklòn Ida lakòz yo. Objetif asistans finansye an se satisfè bezwen debaz yo ak konplete efò rekiperasyon pou katastwòf yo.
  • Nou ankouraje sivivan yo pou yo fè reklamasyon asirans pou domaj nan kay yo, pwopriyete pèsonèl yo ak machin yo anvan yo aplike pou yo resevwa èd nan FEMA.
  • FEMA bay finansman ki peye dirèkteman pou moun ak fwaye ki kalifye yo. Asistans Finansyè pou Lojman an kapab genyen ladan li asistans pou lwaye, ranbousman frè lojman yo, asistans pou reparasyon kay, ak asistans pou ranplasman. Yo eksplike tout bagay yo konsa:
    • Ed pou Lwaye se èd finansyè pou pwopriyetè kay ak lokatè pou yo lwe yon lòt lojman tanporè si siklòn Ida te fè yo kite rezidans prensipal yo.
    • Ranbousman Depans Lojman se ranbousman pou depans ou te fè pandan w te nan yon lojman tanporè ak lajan nan pòch yo paske rezidans prensipal yo te sibi domaj ki te fè yo pa t ka rete ladan l ankò.  Depans ki kalifye yo kapab depans pou yon chanm ak nenpò lòt taks ki assosye ak sa.
    • Asistans pou Reparasyon Kay se yon èd finansyè pou ede pwopriyetè kay yo repare rezidans prensipal yo, sèvis ki ap distribiye nan rezidans prensipal la ak enfrastrikti rezidansyèl ki mennen nan pwopriyete an, ki te sibi dega nan moman Siklòn Ida te pase a.
    • Asistans Ranplasman se yon èd finansyè ki ka aplike pou achte yon nouvo kay pèmanan si rezidans prensipal yon pwopriyetè kay te detwi nan Ida.
    • Ed pou lòt Bezwen se asistans finansyè pou lòt depans ak bezwen imedya katastwòf la lakoz. Asistans sa kapab gen ladan li finansman pou ranplase pwopriyete pèsonèl, frè demenajman ak pou peye yon depo, asistans pou transpò, frè pou antèman, frè medikal, dantè, swen timoun yo ak diferan bagay ki gen pou wè ak katastwòf yo.
  • Pou aplike pou asistans FEMA a, ale sou  DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA an oswa rele
    Liy Enfòmasyon FEMA a nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè liy asistans yo disponib chak jou soti 7è nan maten pou 11è nan aswè. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou w jwenn yon entèprèt ki pale lang ou an.
  • Kandida pou èd pou katastwòf FEMA yo dwe gen enfòmasyon sa yo anvan yo aplike: Nimewo Sekirite Sosyal, adrès rezidans prensipal ki andomaje a, enfòmasyon sou asirans, nimewo telefòn aktyèl ak adrès postal, epi nimewo kont labank ak fason pou fè depo lajan dirèk.
  • Sous prensipal finansman federal pou rekiperasyon alontèm apre yon katastwòf ke asirans pa kouvri se Administrasyon Ti Biznis Etazini. SBA ofri propriyetè kay, lokatè ak biznis yo prè pou ede yo apre yon katastwòf ak yon to enterè ki ba. SBA bay ti biznis ak òganizasyon san bi likratif ki kalifye yo tou lajan ki pou travay pou ede yo simonte yon aksidan ekonomik.
  • Si ou pa t gen asirans sou pwopriyete pèsonèl ou yo oswa asirans ou an pa t ase pou kouvri domaj Siklòn Ida yo, FEMA ka refere ou ak Administrasyon Ti Antrepriz Etazini  Si ou kalifye pou yon prè SBA, ou pa oblije aksepte li. Si ou pa kalifye pou yon prè SBA, l ap voye w tounen bay FEMA, sa kapab ouvè pòt pou èd nan kad pwogram Asistans pou Lòt Bezwen FEMA yo.
  • Pwopriyetè kay, lokatè ak antrepriz Siklòn Ida te afekte yo kapab aplike pou prè nan kad katastwòf sou sit entènèt sekirize SBA disasterloanassistance.sba.gov/ela/s/. Pou plis enfòmasyon, aplikan yo kapab rele Sant Sèvis Kliyan SBA a nan 800-659-2955 oswa ekri yon imèl nan DisasterCustomerService@sba.gov. Moun ki soud oswa ki genyen difikilte pou tande yo kapab rele nan 800-877-8339.
  •  Delè SBA bay pou depoze aplikasyon pou dega sou pwopriyete yo se madi 4 janvye.
Tags:
Dènye mizajou