Pi ak Fòs Septik ki Kraze

Release Date:
October 14, 2022

Moun ki rete nan konte Brevard, Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Monroe, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pinellas, Polk, Putnam, St. Johns, Sarasota, Seminole ak Volusia ki te pèdi posiblite pou yo gen aksè ak dlo grasa yon pi prive oswa yon fòs septik ki kraze apre Siklòn Ian nan ka kalifye pou asistans FEMA.

Ki asistans ki disponib?

Pou pi prive ak fòs septik yo, FEMA ka ranbouse w frè yon teknisyen pwofesyonèl ki diplome ki vizite lakay ou epi prepare yon devi ki detaye anrapò ak reparasyon ki nesesè oswa chanjman sistèm ou genyen ki kraze akòz katastwòf la.

Anplis devi teknisyen an, FEMA ka peye tou frè reyèl pou reparasyon oswa ranplasman fòs septik ou a oswa pi prive w genyen an, nòmalman asirans pwopriyetè kay la pa kouvri yo.

Si ou te mande asistans FEMA epi yo pa t fè yon enspeksyon lakay ou, ou ta dwe rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362. Nan moman enspeksyon w lan, fè enspektè FEMA a konnen ou gen yon pi prive ak/oswa yon fòs septik ki gendwa te kraze nan tanpèt la.

 Si yo wè se siklòn Ian ki lakoz domaj la, ou ka kalifye pou asistans FEMA.

Si ou te deja fè yon enspeksyon epi ou pa t rapòte domaj ki genyen anrapò ak pi a oswa fòs septik la, kontakte Liy Asistans FEMA a pou aprann ki jan pou fè chanjman nan demann ou an.

Sivivan nan Siklòn Ian yo kapab aplike pou asistans FEMA sou entènèt nan disasterassistance.gov, lè yo rele nan Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362 oswa lè yo itilize aplikasyon mobil FEMA a. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), soutit pou telefòn oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a.

Tags:
Dènye mizajou