Asistans pou Netwaye ak Dezenfekte

Release Date:
October 15, 2022

If kay ou te sibi dega men ou ka viv ladan san danje, gen posiblite pou FEMA ba ou $300 nan asistans finansyè yon (1) fwa pou ede ou ak netwayaj. Asistans sa a se pou pwopriyetè ak lokatè ki elijib.

Gen posiblite pou w kalifye pou asistans FEMA si ou satisfè kondisyon sa yo:

  • Kay prensipal ou anvan dezas la dwe youn nan 26 kont yo deziyen pou Asistans Endividyèl yo;
    • Brevard, Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Monroe, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, Volusia.
  • Selon yon enspeksyon FEMA, kay ou te sibi dega pandan dezas la; oswa si ou se yon lokatè, enspeksyon an te endike ou bezwen netwayaj oswa netwayaj la te deja fèt.
    • Si ou te deja netwaye, kenbe resi pou nenpòt bagay ou te achte oswa moun ou te peye pou ede ou.
  • Asirans ou pa garanti dega yo.
  • FEMA detèmine rezidans prensipal ou ki te sibi dega pandan dezas la pa danjere pou ou vi.
Tags:
Dènye mizajou