ASISTANS POU NETWAYE AK DEZENFEKTE [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/clean-and-sanitize-assistance] Release Date: Oct 15, 2022 If kay ou te sibi dega men ou ka viv ladan san danje, gen posiblite pou FEMA ba ou $300 nan asistans finansyè yon (1) fwa pou ede ou ak netwayaj. Asistans sa a se pou pwopriyetè ak lokatè ki elijib. Gen posiblite pou w kalifye pou asistans FEMA si ou satisfè kondisyon sa yo: * Kay prensipal ou anvan dezas la dwe youn nan 26 kont yo deziyen pou Asistans Endividyèl yo; * Brevard, Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Monroe, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, Volusia. * Selon yon enspeksyon FEMA, kay ou te sibi dega pandan dezas la; oswa si ou se yon lokatè, enspeksyon an te endike ou bezwen netwayaj oswa netwayaj la te deja fèt. * Si ou te deja netwaye, kenbe resi pou nenpòt bagay ou te achte oswa moun ou te peye pou ede ou. * Asirans ou pa garanti dega yo. * FEMA detèmine rezidans prensipal ou ki te sibi dega pandan dezas la pa danjere pou ou vi.