Pasaj pou Anonsè Andirèk
Videyo ak Fotograf yo
Twous Resous Mesaj Tèks nan Dezas
Grafik
Konekte ak Nou
Resous ki nan paj sa a se ideyal pou patnè ekstèn ak medya kap chèche kontni pou rekouvreman katastwòf pou pataje sou rezo sosyal pandan ak apre yon katastwòf, tankou: grafik sosyal, depliyan ak pasaj pou anonse, videyo aksesib ak animasyon nan plizyè lang.
Pasaj pou Anonsè Andirèk

Telechaje pasaj pou anonsè an dirèk nou an nan plizyè lang pou ede kominike ak kominote w la sou fason pou w aplike pou asistans ak FEMA.
Videyo ak Fotograf yo
FEMA gen plizyè milye anplwaye ki deplwaye nan operasyon dezas atravè peyi a. Nou pataje dènye videyo ak foto yo ki telechaje nan repons lan sou platfòm DVIDS nou an.
FEMA sou YouTube
Gade lis videyo FEMA yo sou YouTube pou jwenn enfòmasyon sou asistans pou katastwòf pou ede sivivan yo nan travèse pwosesis rekiperasyon an.
ASISTANS DEZAS VIDEYO ANIMASYON AK PSAS YO (ANGLE)
Gade Tout Videyo Animasyon ak PSA yo

VIDEYO LANG SIY AMERIKEN (ASL)
Gade Tout Videyo ASL yo

Twous Resous Mesaj Tèks nan Dezas
Kominikasyon gendwa limite apre yon dezas. Twous resous sa a ofri enfòmasyon tèks mesaj ou ka pataje ak sivivan lè se sèlman tèks mesaj ki disponib nan yon zòn sèvis.
Gid pou Retire Dekonm

Telechaje Fichye Zipe Grafik

Grafik yo disponib
- Fòma: Facebook and Twitter
- Lang yo: English, Spanish, Arabic, French, German, Haitian Creole, Korean, Portuguese, Simplified Chinese, Tagalog, and Vietnamese
Tèks Egzanp Medya Sosyal
Opsyon 1
Si _____ te koze domaj nan kay ou oswa afè w, asire w ou dokimante li.
- Pran foto anvan ou kòmanse netwaye.
- Fè yon lis atik ki domaje oswa ki pèdi epi kolekte resi yo. Fè sa ede akselere pwosesis la ak asirans ak lòt pwogram asistans.
Opsyon 2
Si ____ te afekte w epi w pare pou w kòmanse pwosesis netwayaj la, sonje:
- Mete pantalon long, linet, gan ak soulye ki solid.
- Rete lwen estrikti ki andomaje yo.
- Ou dwe konnen koulèv oswa bèt ka prezan.
Plis konsèy sou sekirite: http://ready.gov/floods
Grafik Dwa Sivil
Grafik yo disponib
- Fòma: Facebook, Twitter, & Instagram Story
- Lang yo: English, Spanish, Arabic, Bengali, Burmese, Chamorro, French, German, Haitian Creole, Hebrew, Hindi, Italian, llocano, Japanese, Kannada, Kiche, Khmer, Korean, Malayalam, Portuguese, Ōlelo Hawaiʻi , Russian, Simplified Chinese, Tagalog & Vietnamese
Egzanp Tèks
FEMA pran angajman pou l asire asistans pou katastwòf yo akonpli ekitab, san diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, oryantasyon seksyèl, relijyon, laj, andikap, konpetans angle, oswa sitiyasyon ekonomik. Nenpòt moun ki sivivan katastwòf oswa manm piblik la ka kontakte Biwo Dwa Sivil FEMA a si yo santi yo gen yon plent pou diskriminasyon.
Ou ka kontakte Biwo Dwa Sivil FEMA a pa imèl FEMA-CivilRightsOffice@fema.dhs.gov oswa gratis nan 833-285-7448. Operatè plizyè lang ki disponib.
Kijan pou ede/ Òganizasyon Benevol - Tèks Medya Sosyal

Telechaje Fichye Zipe Grafik

Grafik yo disponib
- Fòma : Flyer
- Lang yo: English, Spanish, Arabic, Burmese, Dari, French, Japanese, Nepali, Pashto, Kirundi, Somali, Swahili, Tagalog and Vietnamese
- Pou plis enfòmasyon vizite: Fè volontarya ak Fè don
Èske w ap chèche fason pou ede sivivan siklòn ____ ki afekte yo? @NationalVOAD se yon bon kote pou jwenn òganizasyon ou fè konfyans k ap ede divès kominote yo. Pi bon fason pou ede apre yon dezas se atravè donasyon lajan kach.
Vizite: nvoad.org
---
Si ou vle ede sivivan siklòn ____ yo, ou ka voye don kach bay yon òganizasyon ou fè konfyans. Jwenn yon òganizasyon ou fè konfyans ak @NVOAD: nvoad.org. Voye lajan kach fasil ak fleksib paske li pa mande pou anbalaj oswa transpò.
---
Lè katastwòf tankou ___ frape, patnè volontè ak lafwa nou yo toujou rapid pou yo ofri sipò. Abòde bezwen tankou manje cho, retire debri, ak distribye pwovizyon se kèk nan plizyè fason ajans sa yo ap ede sivivan yo sou tè a.
---
Èske w ap chèche ede ____ sivivan Siklòn yo? Pi bon fason se atravè yon don lajan kach bay yon òganizasyon ou fè konfyans.
Lajan Kach fleksib nan jwenn resous ak zouti ki pi nesesè pou ede sivivan yo.
Jwenn òganizasyon ou fè konfyans yo atravè @NationalVOAD
Resous ki Espesifik pou Dezas
Si w ap reponn pou yon dezas an patikilye, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou ensidan sa a sou paj dezas li an.
Gade dezas ki genyen nan moman an.
Konekte ak Nou
Biwo Laprès
Konekte ak biwo laprès FEMA a nan:
- Imèl: FEMA-Press-Office@fema.dhs.gov
- Telefòn: 202-646-3272 | 8 a.m. jiska 5 p.m. ET
- Twitter: Suiv @FEMASpox ak @FEMAPortavoz pou dènye nouvèl ak aktivite yo
Oswa vizite paj Nòt pou Laprès akFeyè Enfòmasyon nou yo pou wè tout materyèl nou te pibliye anvan yo.
Medya Sosyal
Nou itilize chèn rezo sosyal FEMA a pou ede ou kominike ak piblik la pandan dezas yo. Suiv nou.
Pou resous pou sipòte kominote ou an avan yon dezas rive, ale sou Zouti Medya Sosyal Ready.gov la.