Kesyon Yo Poze Souvan yo sou Asistans Finerè

alert - warning

Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.

Repons pou Kesyon Moun Poze Souvan yo

Nou ankouraje w pou bay dokimantasyon pou verifye si lanmò a te atribye avèk COVID-19, ansanm avèk prèv lòt asistans fineray yo te resevwa, opli vit ke posib. Depi FEMA fin resevwa tout dokiman ou yo, nou pral verifye ak valide l nan kad pwosesis revizyon aplikasyon an.

Depans pou Asistans Fineray COVID-19 ki elijib jeneralman gen ladan, men li pa limite nan:

  • Sèvis fineray
  • Antèman
  • Transpòtasyon pou jiska de moun pou idantifye moun ki mouri a
  • Transfè kadav la
  • Sèkèy oswa kofrè
  • Teren antèman oswa nich ensinerasyon
  • Makè oswa wòch tonbo
  • Sèvis ofisyan oswa klèje
  • Óganizasyon seremoni fineray
  • Itilize ekipman mezon finèb oswa anplwaye
  • Depans ki gen rapò avèk pwodiksyon ak sètifikasyon plizyè sètifika lanmò
  • Depans adisyonèl ki obligatwa pa nenpòt lwa oswa òdonans gouvènman oswa eta lokal

Mezon finèb yo pa elijib pou aplike nan non w oswa pou l yon ko-aplikan nan aplikasyon pou Asistans Fineray COVID-19 ou. Moun kap aplike a dwe yon patikilye, pa yon biznis oswa lòt antite, ki te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19.

Mwen te responsab pou depans fineray pou plis pase yonsèl moun ke lanmò yo te gen rapò avèk COVID-19. Èske mwen ka aplike pou Asistans Fineray COVID-19 pou plis pase yonsèl lanmò? Èske gen yon limit?

Si ou te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 pou plis pase yonsèl moun, ou ka resevwa Asistans Fineray COVID-19 nan yon maksimòm $9,000 pou chak moun ki te mouri ak yon maksimòm $35,500 pou chak aplikasyon, pou chak eta, teritwa, oswa Distri Columbia, nan ka kote aplikan yo te fè depans pou fineray pou plizyè moun ki te mouri.

Yo dwe soumèt tout depans fineray pou moun patikilye ki mouri a nan yonsèl aplikasyon.  Ou ka enkli yon ko-aplikan sou aplikasyon w lan.  Si plizyè moun kontribye nan depans fineray yon moun ki gen rapò avèk COVID-19, youn ladan yo ta dwe aplike pou asistans ak soumèt dokiman pou depans fineray nan men tout moun ki te kontribye nan aplikasyon inik sa a.

Wi. Si ou te aplike pa twò lontan de sa pou asistans katastwòf FEMA pou domaj nan kay ak/oswa pwopriyete pèsonèl ak egalman depans fineray pou yon lanmò ki gen rapò avèk COVID-‍19 nan oswa apre 20 Janvye 2020,  ou ka aplike pou Asistans Fineray COVID-19. Ou pral bezwen pou rele Liy èd Asistans Fineray COVID-19 pou konplete yon aplikasyon Asistans Fineray pou COVID-19.

Non.

Nenpòt sous peman ki deziyen spesifikman pou peye pou yon fineray pou lanmò konsidere kòm yon repwodiksyon e li pa elijib pou ranbousman.  Sa a gen ladan asirans pou fineray oswa antèman, yon kontra ki planifye oswa peye alavans, yon fidisi ki peye alavans pou depans fineray, oswa yon fidisi irevokab pou Medicaid.

Pou w elijib pou Asistans Fineray COVID-19, ou dwe bay dokiman ki montre ke ou te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 nan oswa apre 20 Janvye 2020. FEMA pa ka bay asistans finansye ki doub nenpòt sous finansman ki deziyen spesifikman pou peye pou yon fineray anvan lanmò oswa pou lanmò ki pa gen rapò avèk COVID-19.

FEMA pa konsidere benefis asirans lavi, gratifikasyon pou lanmò, oswa lòt fòm asistans ki pa destine spesifikman pou kouvri depans fineray yo kòm yon benefis doub.  Kidonk, aplikan yo ki itilize asirans lavi pou peye pou depans fineray yo kapab konsidere pou Asistans Fineray COVID-19.

Nenpòt sous peman ki fèt spesifikman pou yon fineray anvan lanmò a konsidere  kòm yon repwodiksyon e li pa elijib pou ranbousman. Sa a gen ladan asirans fineray oswa antèman, yon kontra fineray ki planifye oswa peye alavans, yon fidisi ki peye alavans pou depans fineray, oswa yon fidisi irevokab pou Medicaid.

Men, si ou te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 nan oswa apre 20 Janvye  2020, depase finansman ki destine pou peye pou depans sa yo,  FEMA ka evalye resi ou yo ansanm avèk lòt dokimantasyon pou depans elijib yo ki pa kouvri pa finansman sa yo pou asire ke benefis yo pa double.  Pa egzanp, si ou fè depans pou yon fineray $10,000, kote asirans fineray oswa antèman te kouvri sèlman $8,000, ou ka elijib pou Asistans Fineray COVID-19 pou $2,000.

Ou pral bezwen pou bay enfòmasyon ki annaprè a lè ou rele Liy èd Asistans Fineray COVID-19 pou aplike pou asistans:

  • Nimewo Sekirite Sosyal pou aplikan an ak moun ki mouri a
  • Dat nesans pou aplikan ak moun ki mouri a
  • Adrès postal aktyèl pou aplikan an
  • Nimewo telefòn aktyèl pou aplikan an
  • Lokal ak adrès kote moun nan te mouri
  • Enfòmasyon sou kontra asirans fineray oswa antèman
  • Enfòmasyon sou lòt asistans ou te resevwa, tankou donasyon, sibvansyon lwa CARES, ak asistans nan men òganizasyon volontè yo  
  • Nimewo woutaj ak kont chèk oswa epay aplikan an (pou depo dirèk, si yo mande)
Dènye Mizajou