Kisa ki pase si mwen gen yon kontra asirans antèman oswa fineray, men kontra asirans lan kouvri sèlman yon pati nan depans fineray yo, e mwen gen pou peye pou rès la?

Nenpòt sous peman ki fèt spesifikman pou yon fineray anvan lanmò a konsidere  kòm yon repwodiksyon e li pa elijib pou ranbousman. Sa a gen ladan asirans fineray oswa antèman, yon kontra fineray ki planifye oswa peye alavans, yon fidisi ki peye alavans pou depans fineray, oswa yon fidisi irevokab pou Medicaid.

Men, si ou te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 nan oswa apre 20 Janvye  2020, depase finansman ki destine pou peye pou depans sa yo,  FEMA ka evalye resi ou yo ansanm avèk lòt dokimantasyon pou depans elijib yo ki pa kouvri pa finansman sa yo pou asire ke benefis yo pa double.  Pa egzanp, si ou fè depans pou yon fineray $10,000, kote asirans fineray oswa antèman te kouvri sèlman $8,000, ou ka elijib pou Asistans Fineray COVID-19 pou $2,000.

Dènye mizajou