Dènyèman, yon sivivan te rapòte ke li te resevwa yon tèks ke "yo te dekese yon chèk gouvènman federal pou yon montan $2800". Tèks la te bay sivivan an enstriksyon pou l vizite yon lyen epi bay enfòmasyon pèsonèl pou FEMA verifye. Sa a se yon anak. Yo ka eseye anake w pa telefòn, pa lapòs oswa imèl, tèks oswa an pèsòn. FEMA pa bay okenn asistans finansye pou yon montan $2,800.00. Si w te aplike pou asistans pou katastwòf, FEMA ap fè w konnen desizyon li pran. Ajans lan ka kontakte w tou si li bezwen plis enfòmasyon pou trete aplikasyon w lan. Sa a ka vini nan fòm yon lèt. Nan kèk ka, ou ka resevwa yon apèl telefonik. Revize lèt FEMA ou yo ak anpil atansyon.