4673-DR-FL-AVI PIBLIK 001

Notice Date

Pa mwayen avi sa a, The U.S. Department of Homeland Security’s Federal Emergency Management Agency (FEMA) ap fè piblik la konnen entansyon li genyen pou l bay yon èd finansye pou Eta Florida, gouvènman lokal ak tribi yo ansanm ak òganizasyon prive ki p ap chèche fè pwofi yo nan kad deklarasyon gwo katastwòf yo, FEMA-4673- DR-FL. Avi sa a gen rapò ak pwogram Èd Endividyèl (IA) epi Èd Piblik (PA) yo mete an plas sou baz otorite Lwa Robert T. Stafford Disaster Relief and Emergency Assistance, 42 U.S.C. §§ 5121-5207 (Stafford Act) la. Avi piblik sa a konsène aktivite ki kapab afekte pwopriyete istorik yo, aktivite ki fèt nan oswa ki afekte zòn marekaj ak plèn inonde 1 pousan an (100-year floodplain), epi aktivite ki kapab lakoz gwo aksyon nan plèn inonde 0.2 pousan an (500-year floodplain). Aktivite sa yo ka afekte yon fason negatif pwopriyete istorik la, plenn inondasyon oswa marekaj la, oswa yo ka lakòz yon ekspozisyon pèmanan ak dega inondasyon yo lakoz.

I. Avi Piblik – Deklarasyon Gwo Katastwòf FEMA-4673-DR-FL ak Apèsi sou Asistans ki Otorize

Prezidan an te deklare yon gwo katastwòf pou Eta Florida a nan dat 29 Septanm 2022, apre pasaj Siklòn Ian, selon otorite Lwa Stafford la ba li. Deklarasyon sa a otorize FEMA pou bay, atravè Pwogram Asistans Piblik li a, ranbousman oswa asistans Federal dirèk ak gouvènman eta a, lokal ak tribi ki kalifye yo, ak kèk òganizasyon prive ki p ap chèche fè pwofi pou travay ijans anba Kategori A ak B, pou Konte Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Orange, Osceola, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, ak Volusia nan Eta Florida yo.

Yo rekonèt konte sa yo kòm konte ki kalifye pou PA, Kategori B, ki gen ladan Asistans Federal Dirèk: Alachua, Baker, Bay, Braford, Brevard, Broward, Calhoun, Citrus, Clay, Columbia, Dixie, Duval, Escambia, Flagler, Franklin, Gadsden, Gilchrist, Glades, Gulf, Hamilton, Hendry, Hernando, Holmes, Indian River, Jackson, Jefferson, Lafayette, Leon, Levy, Liberty, Madison, Marion, Martin, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Okaloosa, Okeechobee, Orange, Palm Beach, Pasco, Putnam, Santa Rosa, St Johns, St Lucie, Sumter, Suwannee, Taylor, Union, Wakulla, Walton ak Washington. Yo te deklare tribi sa yo kòm tribi ki kalifye pou PA, Kategori B, ki gen ladan Asistans Federal Dirèk: Tribi Endyen Miccosukee nan Florida ak Tribi Seminole
nan Florida.

Yo te deklare konte vin apre yo kòm konte ki kalifye pou PA, Kategori C jiska G pou travay pèmanan: Charlotte, Collier, Hardee, Hendry, Highlands, Lake, Lee, Manatee, Polk, ak Sarasota.

Modifikasyon (Amendment) No. 5, ki te pibliye nan dat 5 Oktòb 2022, nan avi sou deklarasyon gwo katastwòf pou Eta Florida a (FEMA DR-4673-FL), ki gen dat 29 Septanm 2022, te idantifye konte ki vin apre yo kòm konte ki kalifye pou Kategori A, san wete Èd Federal Dirèk: Indian River ak Monroe. Mete sou sa, yo jwenn konte sa yo kalifye pou PA Kategori C jiska G pou travay pèmanan: DeSoto, Flagler, Hillsborough, Putnam, Seminole, St. Johns, ak Volusia.

Modifikasyon (Amendment) No. 6, ki te pibliye nan dat 7 Oktòb 2022, nan avi sou deklarasyon gwo katastwòf pou Eta Florida a (FEMA DR-4673-FL), ki gen dat 29 Septanm 2022, te idantifye Konte Palm Beach kòm Konte ki kalifye pou Èd Endividyèl, san wete Èd Federal Dirèk.

Modifikasyon (Amendment) No. 7, ki te pibliye nan dat 10 Oktòb 2022, nan avi sou deklarasyon gwo katastwòf pou Eta Florida a (FEMA DR-4673-FL), ki gen dat 29 Septanm 2022, te idantifye konte Orange, ak Osceola kòm konte ki kalifye pou PA Kategori C jiska G, travay pèmanan. Mete sou sa, yo te idantifye Konte Brevard kòm Konte ki kalifye pou Kategori a, ak C jiska
G pou travay pèmanan.

Modifikasyon (Amendment) No. 8, ki te pibliye nan dat 11 Oktòb 2022, nan avi sou deklarasyon gwo kataswòf pou Eta Florida a (FEMA DR-4673-FL), ki gen dat 29 Septanm 2022, te idantifye konte Brevard, Hendry, Monroe, ak Okeechobee kòm konte ki kalifye pou Èd Endividyèl. Mete sou sa, yo jwenn konte Glades ak Okeechobee kòm konte ki kalifye pou Kategori A, ak C jiska G pou travay pèmanan.

Amandman Nimewo 9, yo te pibliye 14 oktòb 2022, nan deklarasyon konsènan gwo dezas pou eta Florida (FEMA DR-4673-FL), nan date 29 septanm 2022, te idantifye konte Glades ak Pasco kalifye pou Asistans Endividyèl; epi Konte Sumter kalifye pou Kategori A, ak C jiska G pou travay pèman.

Amandman Nimewo 10, ki te pibliye 27 oktòb 2022, pou avi sou deklarasyon gwo dezas pou eta Florida a (FEMA DR-4673-FL), nan dat 29 septanm 2022, te idantifye Konte Duval elijib pou PA Kategori A, ak C jiska G pou travay pèmanan. An plis, Konte Pinellas elijib pou PA kategori C iska G pou travay pèmanan.

Amannman Nimewo 11, ki te pibliye 10 Novanm 2022, fè konnen peryòd ensidan an pou katastwòf sa a (FEMA-4673-DR-FL) te fèmen nan dat 4 Novanm 2022. Amannman No. 12, ki te pibliye 10 Novanm 2022, nan avi sou deklarasyon gwo katastwòf pou eta Florid (FEMA DR-4673-FL), ki gen dat 29 Septanm 2022, te idantifye Konte Martin elijib pou PA Kategori A, ak C jiska G pou travay pèmanan.

Se Atik 403, 406, ak 407 nan Lwa Stafford la ki otorize Pwogram Èd Piblik la. Aksyon
sa yo kapab antre nan kesyon etabli sit mobil pou tès, enstalasyon medikal ki tanporè, lokal pou rasanbleman ki tanporè ansanm ak abri tanporè pou popilasyon ki gen risk yo. Avi
sa a se ap sèl avi piblik ki konsène aksyon sa yo.

Pwogram Sibvansyon pou Diminye Risk la (Hazard Mitigation Grant Program, HMGP) pral disponib nan tout eta a. Yo ka fè lòt nominasyon nan yon dat annapre si Eta a mande sa, epi
si rezilta nouvo evalyasyon dega yo pwouve sa.

Epitou, deklarasyon sa a te bay FEMA otorizasyon pou li bay Èd Endividyèl sou fòm èd finansye ak èd dirèk pou finanse yon seri sèvis pou moun yo ansanm ak fanmi yo selon Atik 408 nan Lwa Stafford la pou Konte Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Hardee, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Orange, Osceola, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns,
ak Volusia. Aksyon sa yo pa dwe gen enpak sou yon plèn inonde/zòn marekaj. Avi sa a se ap sèl avi piblik ki konsène aksyon sa yo.

FEMA gen entansyon finanse pwogram IA pou lojman an ijans lè gen katastwòf. Aksyon sa yo ka afekte yon plenn inondasyon oswa yon marekaj, oswa yo ka lakòz vilnerabilite kontinyèl a inondasyon yo. Aksyon sa yo ka gen ladan reparasyon, restorasyon, oswa konstriksyon lojman oswa pon prive, achte ak plasman trelè vwayaj oswa inite lojman manifaktire, oswa reparasyon minimòm estrikti yo tankou mezi pwoteksyon yo. Sa a pral sèlman avi piblik konsènan aksyon sa yo.

II. Avi Piblik – Asistans Finansye pou Aktivite ki Afekte Pwopriyete Istorik yo oswa
ki Sitiye nan oswa ki Afekte Zòn Marekaj yo oswa Plèn ki inonde yo

Gen kèk nan aktivite FEMA bay asistans finansye pou yo sou baz Pwogram Èd Endividyèl,
Èd Piblik, ak Sibvansyon pou Diminye Risk yo ki kapab afekte pwopriyete istorik yo, ki kapab twouve yo nan oswa afekte zòn marekaj oswa plèn inonde 1 pousan an (100-year floodplain), epi ki kapab lakoz gwo aksyon nan plèn inonde 0.2 pousan an (500-year floodplain). Sou baz tout egzijans Lwa sou Politik Anviwònman Nasyonal la (NEPA), yo dwe egzamine tout aksyon federal yo epi evalye yo pou jwenn lòt fason yo kapab reyalize yo. Epitou, FEMA dwe respekte Lwa1966, Pub la sou Dekrè Egzekitif (Executive Order) 11988, Jesyon Plèn ki kapab Inonde; Dekrè Egzekitif 11990, Pwoteksyon Espas Marekaj; Lwa 1966 sou Prezèvasyon Istorik Nasyonal. L. No 89-655 (1966) (kodifye jan sa amande nan 16 U.S.C. § 470 et seq.) (NHPA);
ak règleman aplikasyon yo nan 44 C.F.R. pt. 9 ak 36 C.F.R. pt. 800. Dekrè egzekitif yo, NHPA, ak règleman yo mande pou FEMA bay avi piblik pou kèk aktivite nan kad apwobasyon pou bay asistans finansye pou pwojè patikilye yo.

A. Aksyon Federal nan oswa ki afekte Plèn ki inonde yo ak Marekaj yo

FEMA detèmine pou kèk kalite enstalasyon, nòmalman pa gen lòt solisyon pase reparasyon nan plenn ki ka inonde a oswa nan zòn marekaj la. Sa yo se enstalasyon ki satisfè tout kritè sa yo:
1) Estimasyon FEMA sou pri reparasyon yo mwens pase 50% pri pou ranplase tout enstalasyon an epi li mwens pase $100,000; 2) enstalasyon an pa sitiye nan yon espas ki konn gen dlo;
3) enstalasyon an pa t sibi gwo domaj estriktirèl nan yon katastwòf inondasyon oswa nan yon sitiyasyon ijans ki pase Prezidan an te deklare; epi 4) enstalasyon an pa enpòtan (pa egzanp, enstalasyon an se pa yon lopital, yon plant k ap pwodui, yon sant operasyon dijans, oswa yon enstalasyon ki gen materyèl danjere). FEMA gen entansyon bay asistans pou repare enstalasyon sa yo nan kondisyon yo te ye anvan katastwòf la, eksepte kèk dispozisyon pou diminye efè inondasyon ki pral genyen yo oswa lòt danje ki ka antre nan travay yo. Pa egzanp, reparasyon yon pon oswa yon kanivo ka gen ladan yon pi gwo ouvèti wout pou dlo pase pou diminye risk pou ewozyon alavni.

Pou aktivite woutin yo, sa a se pral sèl avi piblik yo bay. Lòt aktivite ak sa ki konsène enstalasyon ki pa satisfè kat kritè yo oblije sibi yon egzamen pi apwofondi, tankou etid sou lòt kote. Avi piblik ki vin annapre a konsènan pwojè sa yo pral pibliye si sa nesesè, depi gen enfòmasyon ki plis presi ki vin disponib.

Nan anpil ka, yon kandida te gen dwa kòmanse repare enstalasyon an anvan entèvansyon federal la. Menmsi enstalasyon an dwe sibi yon egzamen apwofondi ak analiz lòt kote, FEMA pral finanse reparasyon ki kalifye nan lokal orijinal la si enstalasyon an depann yon fason operasyonèl de anplasman li nan plèn ki ka inonde a (pa egzanp, pon ak enstalasyon pou kontwole inondasyon), oswa pwojè a fasilite itilizasyon yon espas ouvè, oswa enstalasyon
an se yon pati ki anndan yon pi gwo rezo ki pa pratik oswa ki pa ekonomik pou deplase, tankou yon wout. Nan ka sa yo, FEMA dwe egzamine tou konsekans ki posib yo lè yo pa repare yon enstalasyon, lè yo minimize enpak ki ka genyen sou plèn ki ka inode a oswa nan zòn marekaj
la, epi pou detèmine alafwa yon bezwen piblik ki enpòtan pou enstalasyon an gen priyorite yon fason ki klè sou egzijans Dekrè Egzekitif la pou evite gen inondasyon nan plèn nan oswa marekaj, epi sit yo chwazi a se sèl posiblite ki ka reyalize. Dirijan nan Eta a ak nan lokal yo pral konfime bay FEMA aksyon yo pwopoze yo respekte tout egzijans federal, eta ak lokal pou jesyon plèn ki ka inonde yo ak pwoteksyon zòn marekaj yo.

Asistans Piblik (Public Assistance, PA) Federal Flood Risk Management Standard (FFRMS) règleman an aplikasyon pasyèl, ki efikas pou tout gwo katastwòf ki te deklare apati 3 jen 2022 oswa apre, aplike pou pwojè PA nan plèn inondasyon chans 1% anyèl (1% ak 0.2% anyèl plèn inondasyon chans pou aksyon kritik) ki enplike nouvo konstriksyon estrikti, estrikti ki gen yon detèminasyon domaj sibstansyèl, oswa estrikti ki bezwen amelyorasyon sibstansyèl. Règleman an aplike kèlkeswa kòz domaj la. Règleman aplikasyon pasyèl FFRMS Asistans pou Diminisyon Danje (Hazard Mitigation Assistance, HMA) aplike nan aksyon ki pa enpòtan ki enplike elevasyon estrikti, pwoteksyon inondasyon sèk, ak rekonstriksyon mitigasyon nan plèn inondasyon

chans 1% anyèl la. Pou tout pwogram ak kalite pwojè FEMA, si yon gouvènman eta, lokal, tribi oswa teritoryal gen pwòp estanda ki pi wo, FEMA egzije pou itilize estanda ki pi wo a. Règleman pwogram FEMA yo fè referans tou lòt kòd konsansis ak estanda, tankou ASCE-24-14, ki enkòpore egzijans elevasyon adisyonèl pi lwen pase elevasyon baz inondasyon an.

Asistans Piblik (Public Assistance, PA) Federal Flood Risk Management Standard (FFRMS) règleman an aplikasyon pasyèl, ki efikas pou tout gwo katastwòf ki te deklare apati 3 jen 2022 oswa apre, aplike pou pwojè PA nan plèn inondasyon chans 1% anyèl (1% ak 0.2% anyèl plèn inondasyon chans pou aksyon kritik) ki enplike nouvo konstriksyon estrikti, estrikti ki gen yon detèminasyon domaj sibstansyèl, oswa estrikti ki bezwen amelyorasyon sibstansyèl. Règleman an aplike kèlkeswa kòz domaj la.

Règleman aplikasyon pasyèl FFRMS Asistans pou Diminisyon Danje (Hazard Mitigation Assistance, HMA) aplike nan aksyon ki pa enpòtan ki enplike elevasyon estrikti, pwoteksyon inondasyon sèk, ak rekonstriksyon mitigasyon nan plèn inondasyon chans 1% anyèl la. Pou tout pwogram ak kalite pwojè FEMA, si yon gouvènman eta, lokal, tribi oswa teritoryal gen pwòp estanda ki pi wo, FEMA egzije pou itilize estanda ki pi wo a. Règleman pwogram FEMA yo fè referans tou lòt kòd konsansis ak estanda, tankou ASCE-24-14, ki enkòpore egzijans elevasyon adisyonèl pi lwen pase elevasyon baz inondasyon an.

B. Aksyon Federal ki Afekte Pwopriyete Istorik yo

Atik 106 NHPA a egzije pou FEMA konsidere efè aktivite li yo (ki rele angajman) genyen sou nenpòt pwopriyete istorik epi pou l bay Komite Konsiltatif pou Prezèvasyon Istorik (Advisory Council on Historic Preservation, ACHP) la posiblite pou yo fè kòmantè sou pwojè sa yo anvan yo depanse nenpòt fon federal. Yon aktivite Pwogram Èd Endividyèl, Èd Piblik, oswa Sibvansyon pou Diminye Risk yo se yon "angajman" pou objektif NHPA a, epi yon pwopriyete istorik se nenpòt pwopriyete ki antre nan, oswa ki kalifye pou antre nan, Rejis Nasyonal Zòn Istorik yo (NRHP). Avi sa a se ap sèl avi piblik konsènan pwopriyete istorik kote angajman FEMA yo p ap gen enpak negatif sou yo. FEMA kapab bay lòt avi piblik anplis si gen posiblite pou yon angajman FEMA pwopoze gen efè negatif sou yon pwopriyete istorik.

III. Plis Enfòmasyon oswa Kòmantè

Lwa 1973 sou Reyabilitasyon an pwoteje dwa sivil moun ki andikape yo. Li entèdi diskriminasyon sou baz andikap grasa gouvènman federal la, kontraktè federal yo, ak moun k ap resevwa asistans finansye federal la. Tout benefisyè oswa benefisyè adjwen ki resevwa fon federal la oblije rann pwogram yo aksesib pou moun ki andikape yo. Pwoteksyon li yo aplike pou tout pwogram ak biznis k ap resevwa nenpòt fon federal. Sa a aplike ak tout eleman ki gen rapò ak aksesiblite fizik/achitekti, pwogram ak kominikasyon nan tout sèvis ak aktivite FEMA reyalize oswa finanse. FEMA gen entansyon respekte Lwa sou Reyabilitasyon an nan tout pwogram gouvènman federal la reyalize epi finanse, ann amoni ak prensip ki gen rapò
ak patisipasyon tout kominote a ak aksè inivèsèl.

Dekrè Egzekitif 13985 ak 14008 plis abòde bezwen pou reyalize jistis nan anviwònman an ak ekite atravè gouvènman federal la. Nouvo dekrè egzekitif yo pibliye plis pase 20 ane apre yo fin siyen Dekrè Egzekitif 12898 la endike administrasyon an bay ajans federal yo enstriksyon pou yo renouvle enèji, efò, resous yo ak atansyon yo bay jistis anviwònman an. FEMA ap travay ak benefisyè/benefisyè adjwen yo pou idantifye kominote ki gen enkyetid sou Jistis Anviwònman an epi bay yon mwayen pou gwoup lokal yo ak òganizasyon ki p ap chèche fè pwofi yo ki gen yon misyon ak Jistis Anviwònman an pou yo idantifye tèt yo pou Pwogram FEMA yo ka kòmanse travay avèk yo sou pwojè byen presi yo depi nan kòmansman pwosesis demann nan.

FEMA gen entansyon tou bay Eta Florida a finansman HMGP pou diminye dega ki ka gen alavni nan katastwòf yo. Pwojè sa yo ka gen ladan konstriksyon nouvo enstalasyon, modifikasyon enstalasyon ki egziste deja yo ki pa andomaje, demenajman enstalasyon pa deyò plèn ki ka inonde yo, demolisyon batiman, oswa lòt kalite pwojè pou diminye dega katastwòf ki gen pou rive yo ka lakoz. Pandan y ap devlope pwopozisyon pwojè yo, yo pral pibliye avi piblik ki vin annapre yo si sa nesesè, depi gen enfòmasyon ki plis presi ki vin disponib.

Avi sa a se kapab sèl avi piblik konsènan aksyon ki dekri pi wo a kote FEMA kapab bay èd finansye sou baz Pwogram Èd Endividyèl, Èd Piblik la, oswa Pwogram pou Diminye Risk yo. Moun ki enterese yo kapab jwenn enfòmasyon sou aksyon sa yo oswa sou yon pwojè byen presi lè yo ekri Federal Emergency Management Agency Region 4, 3005 Chamblee Tucker Road, Atlanta, Georgia 30341-4112, oswa pa imèl nan FEMA-R4EHP-FLORIDA@fema.dhs.gov. Tanpri mete "DR 4673-FL EHAD" nan liy sijè imèl la. Yo dwe voye kòmantè yo alekri nan adrès ki anwo a nan yon espas 30 jou ki vin apre dat avi sa a.

Dènye mizajou