Sant Relans apre Dezas Pawas Calcasieu a ap chanje lokal nan Lake Charles ak Sulphur

Release Date Release Number
NR 038
Release Date:
Tháng 10 3, 2020

BATON ROUGE, La. -  Gichè chofè Sant Relans apre Dezas (DRC)  ki nan Komisyon Lekòl Pawasyal yo nan Lake Charles ap fèmen 3 oktòb a 5 nan laprèmidi men nouvo yon Gichè chofè DRC ap louvri 4 oktòb nan Lake Charles Civic Center.

Gichè chofè Sant Relans apre Dezas (DRC) ki nan Sulphur Regional Library ap fèmen 3 oktòb a 5 nan laprèmidi men nouvo yon Gichè chofè DRC ap louvri 4 oktòb nan 400 Picard Rd, Frasch Park, nan Sulphur.

Ou pa bezwen randevou. Orè operasyon yo se 7 a.m. pou 5 p.m. sèt jou sou sèt.

Kounye a Sant ki gen Gichè chofè yo nan:

Pawas Calcasieu

Lake Charles Civic Center

900 N. Lake Shore Dr.

Lake Charles, LA 70601

 

Frasch Park (tou pre teren soft ball la)

400 Picard Road

Sulphur, LA 70663

 

Rezidan nan pawas ki deziyen ki te fè pèd nan tanpèt la ka jwenn dènye enfòmasyon sou demann yo, enfòme yo sou sou pwosesis apèl yo, oswa tcheke pwogrè dosye yo lè yo konekte sou kont yo oswa soumèt enfòmasyon nan:

Pou resevwa yon lyen pou telechaje app FEMA a, voye yon tèks:

  • Aparèy Apple, voye APPLE sou 43362.
  • Aparèy Android, voye ANDROID sou 4336

Moun ki sèvi ak yon sèvis relè tankou yon videofòn, Innocaption oswa CapTel ta dwe fè FEMA konnen ki nimewo espesifik yo dedye a sèvis sa a.

Gen lòt sant ki deja louvri nan Louisina. Sivivan yo ka vizite nenpòt sant nan Louisina. Pou jwenn sant ki pi pre w la vizite  egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator oswa sou yon smartphone, ou ka voye yon tèks bay 43362 epi tape DRC (Kòd postal ou) pa egzanp DRC 01234.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 nan twitter.com/FEMARegion6..

 

Tags:
Cập nhật lần cuối