TALLAHASSEE, Fla. – FEMA te Ouvri yon Sant Mobil Retablisman apre Katastwòf nan Konte Frankin pou bay èd youn pa youn bay Rezidan Florida yo ki afekte akoz siklòn Helene nan. Sivivan nenpòt nan tanpèt yo ka vizite nenpòt sant.
Sivivan yo pa bezwen vizite yon sant pou yo aplike pou asistans. Nou ankouraje sivivan yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa lè yo itilize FEMA App. FEMA pa distribiye lajan kach nan Sant Retablisman apre Katastwòf yo.
Adrès Sant lan:
Konte Franklin (Sant Mobil)
Depatman Ponpye nan Alligator Point
101 Tom Roberts Road
Alligator Point, FL 32346
Orè: 8è nan maten jiska 4:30nan apre midi soti Lendi pou rive Mèkredi jiska 23 Oktòb 2024.
Lè yo deplase sant sa a pou mete l nan yon nouvo lokal, y ap bay pliblik la detay sou sa.
Pou w ka jwenn adrès lòt sant ale nan fema.gov/drc oswa voye tèks “DRC” ak yon Kòd Postal nan 43362. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa bezwen ki bezwen aksè ak fonksyonèl epi yo ekipe ak teknoloji asistans.
Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa lè yo itilize FEMA App. Ou ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362. Si w chwazi aplike nan telefòn, nou swete w konprann tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante apre plizyè katastwòf ki sot pase yo. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.
Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou retablisman apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou retablisman apre siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou retablisman apre siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.