FEMA pibliye premye avi piblik pou pwopriyete istorik, plenn inondasyon ak marekaj nan Florida

Release Date Release Number
NR-010
Release Date:
Oktòb 19, 2024

TALLAHASSEE, Fla. – Yo afiche avi piblik sou sitwèb FEMA a ki dekri asistans FEMA ki disponib ak aksyon ki pwopoze ke FEMA ap finanse, enkli lot aktivite ki ka afekte pwopriyete istorik, plèn inondasyon ak marekaj nan Florid pou siklòn Helene ak Milton. 

Lalwa egzije FEMA pou l bay piblik yon avi sou entansyon li genyen pou l bay asistans federal ak sibvansyon atravè pwogram asistans piblik ajans lan.

Avi piblik sa yo sèvi kòm yon premye avi pou katastwòf la pou adrese entansyon FEMA pou ranbouse aplikan ki kalifye yo pou depans pou repare oswa ranplase enstalasyon ki andomaje akòz siklòn Helene ak Milton. 

Avi piblik pou Siklòn Milton afiche sou paj wèb FEMA sou katastwòf la nan fema.gov/disaster/4834/notices ak sou paj wèb Divizyon Jesyon Ijans Florid la nan floridadisaster.org/public-notices/.

Avi piblik pou Siklòn Helene afiche sou paj wèb FEMA sou katastwòf la nan fema.gov/disaster/4828/notices ak sou paj wèb Divizyon Jesyon Ijans Florid la nan floridadisaster.org/public-notices/.

Moun ki enterese yo ka jwenn enfòmasyon sou aksyon sa yo oswa sou yon pwojè espesifik lè yo ekri FEMA Region 4, 3005 Chamblee-Tucker Road, Atlanta, Georgia 30341 oswa lè yo voye yon imèl bay FEMA-R4EHP-florida@fema.dhs.gov. Yo dwe voye kòmantè yo alekri ak sijè “DR 4834-FL EHAD” nan adrès ki anlè a nan 30 jou apre dat avi sa a. 

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Swiv FEMA sou X nanx.com/femaregion4oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou