FRAMINGHAM, MA –Yon mwa apre Prezidan Joe Biden te siyen yon deklarasyon federal sou katastwòf pou Massachusetts pou gwo tanpèt ak inondasyon ki te fèt Sept. 11-13, 2023, nan konte Bristol ak Worcester, FEMA te bay 779 kay $4,863,642 kòm asistans federal pou katastwòf.
Nan montan total yo te akòde a, FEMA te apwouve $2,973,973 pou ede pwopriyetè kay ak lokatè yo ak lojman tanporè ak reparasyon kay, epi $1,889,668 pou ede sivivan yo ranplase pwopriyete pèsonèl ak bezwen yo ki gen rapò ak tanpèt tankou gadri, depo, depans medikal ak dantè pou katastwòf, ak lòt atik yo ki gen rapò ak katastwòf.
Ofisye Kowòdinasyon Federal Bob Fogel te deklare, “N ap kontinye travay ak patnè eta ak lokal nou yo, n ap fè tout efò posib pou nou jwenn moun ki afekte nan tanpèt nan mwa septanm yo. "Objektif nou se pou nou asire pou tout moun ki kalifye pou asistans FEMA resevwa li."
Enspektè kay FEMA yo te konplete 963 enspeksyon, yo deplase aplikan yo atravè pwosesis revizyon kalifikasyon pwogram yo. Epitou espesyalis Asistans pou Sivivan Katastwòf FEMA yo te kontakte plis pase 2,000 sivivan pou bay enfòmasyon pou yo enskri.
Sant pou Rekouvreman nan Dezas Fema (FEMA Disaster Recovery Centers (DRC)) te wè 514 moun epi yo te pran 175 anrejistreman. DRC yo se yon gwo opòtinite pou moun rankontre ak espesyalis FEMA pou jwenn sipò anpèsòn. De (2) DRC yo louvri kounye a, youn nan Attleboro (nan Bristol Community College, 11 Field Road) ak youn nan Leominster City Hall (25 West Street). Lè fonksyònman: Soti Lendi pou rive Samdi, 9 a.m. jiska 7 p.m.
Sant yo aksesib pou moun ki gen andikap yo oswa ki pa ka pale Anglè byen oswa ki ka bezwen sèvis entèpretasyon pou Lang Siy Ameriken (American Sign Language, ASL). Enstalasyon yo ekipe avèk ekipman teknoloji ki pou bay asistans, pami yo, Entèpretasyon Videyo a Distans, materyèl ki an gwo karaktè oswa an bray epi sistèm pou koute ki anplifye.
Si w bezwen yon amenajman rezonab, yon entèprèt lang siy, oswa asistans nan zafè tradiksyon oswa pou yon entèprèt, tanpri fè yon espesyalis FEMA ki nan sant lan konnen. Si yon sivivan yon katastwòf pa ka vini nan DRC a, FEMA gen pou l fè aranjman pou yon vizit adomisil.
Lòt fason pou aplike pou asistans FEMA anvan Dat limit 15 jiyè a tankou lè w: vizite DisasterAssistance.gov, telechaje Aplikasyon FEMA oswa caplikasyon 1-800-621-3362. Èd disponib nan pifò lang. Si w itilize sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ki gen tit oswa yon lòt sèvis relè, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a lè w rele. Liy telefòn yo fonksyone apati 7è a.m. pou rive 11è p.m., sèt (7) jou sou sèt.
Pou dènye enfòmasyon yo ale sou 4780 | FEMA.gov. Swiv FEMA sou Twitter (X) nan twitter.com/femaregion1 ak nan facebook.com/fema.
Pou mizajou sou operasyon sekou ak rekiperasyon yo nan Massachusetts, swiv Ajans Jesyon Ijans Massachusetts la sou Twitter (X) MEMA (@MassEMA) / X ak Facebook Massachusetts Emergency Management Agency (MEMA) | Facebook oswa ale sou Massachusetts Emergency Management Agency | Mass.gov.