29 novanm se dènye jou pou Moun k ap viv Florida yo Aplike pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
NR 052
Release Date:
November 28, 2023

Demen se dènye jou pou Moun k ap viv Florida ki te sibi pèt pandan siklòn Idalia a aplike pou asistans federal anvan dat limit la. Yo dwe resevwa aplikasyon yo anvan 11:59 p.m. Lè Lès, Mèkredi 29 novanm 2023, pou yo konsidere w pou asistans lan.

Si ou gen bagay ou pèdi akoz Siklòn Idalia epi w ap viv nan konte Charlotte, Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor yo, FEMA gen dwa kapab ede w. Ou ka kalifye pou FEMA ba w asistans finansye pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay, pèt pwopriyete pèsonèl ak lòt depans ki gen pou wè ak katastwòf ki pa gen asirans.

Rele 800-621-3362 gratis, ale sou entènèt sou DisasterAssistance.gov oswa telechaje FEMA App la pou aparèy mobil. Liy telefòn nan ouvè chak jou sòti 7è a.m. jiska 10è p.m, Lè Lès Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou w gade yon videyo aksesib sou fason pou w aplike, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Pou dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon Florida apre Siklòn Idalia a, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ki te gen Twitter kòm ansyen non, nan twitter.com/femaregion4 ak sou Facebook nan facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou