Kenbe kontak ak FEMA

Release Date Release Number
044
Release Date:
October 31, 2023

LAKE MARY, Fla. – Moun Florida ki aplike pou asistans nan FEMA ta dwe rete an kontak ak ajans pou kapab bay nouvo enfòmasyon sou ti detay aplikasyon an. Materyèl ki manke oswa ki pase dat kapab fè aplikasyon an pran reta.

Enfòmasyon ki ka bezwen nouvo enfòmasyon yo kapab se:

  • Sitiyasyon kay ou, nimewo telefòn oswa adrès postal ou nan moman.
  • Mete oswa retire non yon moun ou chwazi pou pale pou ou.
  • Ajoute oswa chanje non manm kay la ak kantite moun ki ap viv nan kay la.
  • Chanjman nan aplikasyon pou asistans FEMA.
  • Korije oswa verifye domaj nan kay ak pwopriyetè yo.
  • Mete metòd pèman prefere ou ajou.

Pou mete enfòmasyon ou ajou ou kapab kreye yon kont nanDisasterAssistance.gov, vizite yon Sant Rekiperasyon apre Katastwòf oswa rele  Liy èd la nan 800-621-3362. Liy telefòn nan ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 10 p.m, Lè Lès Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Lè w kontakte FEMA asire w ou refere w ak 9 nimewo yo te ba w lè w t ap aplike a ki nan aplikasyon ou. Nimewo sa nan tout lèt ou resevwa ki soti nan FEMA.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou