Konte Charlotte, Hillsborough Kalifye pou Asistans Endiviyèl FEMA kounye a.

Release Date Release Number
026
Release Date:
October 4, 2023

LAKE MARY, Fla. – Pwopriyetè kay nan Florida yo ak lokatè ki nan konteCharlotte ak Hillsborough ki gen domaj oswa pèt ki pa gen asirans pou yo lakoz Siklòn Idalia kapab aplike pou asistans pou katastwòf FEMA kounye a.

Konte sa yo rejwenn Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Manatee, Pasco, Pinellas, Sarasota, Suwannee ak Taylor, ki dènyeman te apwouve pou Asistans Endividyèl.

Sivivan yo kapab rele nan 800-621-3362 pou aplike, ale anliy sou disasterassistance.gov, oswa itilize aplikasyon mobil FEMA. Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m  jiska 10 p.m Lè Lès. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lòjman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an.

Dat limit pou aplikasyon yo se 30 Jen 2023.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou