Li Enpòtan pou Soumèt yon Aplikasyon Prè SBA

Release Date Release Number
018
Release Date:
September 14, 2023

LAKE MARY, Fla. – Pwopriyetè kay, lokatè, pwopriyetè biznis ak kèk òganizasyon ki fè pèt nan Siklòn Idalia kapab jwenn prè pou katastwòf bò kote Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA). 

Li enpòtan pou soumèt yon aplikasyon prè kou sa posib. Si aplikasyon an apwouve, yo pa gen obligasyon pou aksepte yon prè SBA men si yo pa re-voye aplikasyon an sa kapab fè yo pa kalifye pou lòt èd finansye nan FEMA ak Eta Florida.

Prè SBA pou katastwòf yo se pi gwo sous fon rekiperasyon federal pou dezas pou sivivan yo. SBA bay prè alontèm pou katastwòf ak yon enterè ki ba pou tout kalite biznis, òganizasyon prive ki pa la pou fè pwofi, pwopriyetè kay ak lokatè. 

Prè pou katastwòf SBA yo pa fin kouvri pèt asirans pa fin kouvri yo oswa lòt resous. Sivivan yo pa ta dwe rete tann yon règleman asirans avan yo soumèt aplikasyon prè SBA yo a. Yo ka dekouvri asirans yo pa ase pou franchiz, travay ak materyèl yo mande pou fè reparasyon oswa pou ranplase kay yo a.

Pwopriyetè kay yo ka kalifye pou yon prè katastwòf jiska $500,000 pou reparasyon estriktirèl rezidans prensipal oswa rekonstriksyon. SBA ka anmezi pou ede pwopriyetè ak lokatè yo ak jiska $100,000 pou ranplase pwopriyete pèsonèl enpòtan, tankou otomobil ki domaje oswa detwi nan katastwòf la.

Sivivan yo kapab aplike etan sou entènèt, lè yo itilize Aplikasyon Prè Elektwonik la (Electronic Loan Application, ELA) atravè sit entènèt sekirize SBA a nan disasterloanassistance.sba.gov/ela/s/. Ou kapab jwenn fòm aplikasyon ak enfòmasyon prè dezas la lè w rele Sant Sèvis Kliyantèl SBA nan 800-659-2955. Pou pwopriyetè biznis yo, SBA ap jere de (2) Sant pou Remete Biznis Kanpe nan Sant Kominotè Cedar Key ak Chanm Komès Konte Suwannee nan Live Oak.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou