Konte Pinellas Kalifye pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
005
Release Date:
September 3, 2023

ATLANTA – Pwopriyetè kay ak lokatè ki nan konte Pinellas ki fè pèt lakoz Siklòn Idalia kapab aplike pou asistans pou katastwòf FEMA.

Konte Pinellas rejwenn Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Manatee, Pasco, Pinellas, Sarasota, Suwannee ak Taylor, ki dènyeman te apwouve pou Asistans Endividyèl.

Pou aplike pou asistans pou katastwòf FEMA a, ale sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA aoswa rele nan 800-621-3362. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w ap itilize pou sèvis sa a. Gen liy nan plizye lang ki ouvri depi 7 a.m. jiska 11 p.m. lè lokal, sèt (7) jou pa semèn.

Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lòjman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou